Konsa, tout bwa forè yo va chante avèk jwa devan SENYÈ a. Paske L ap vini pou jije latè.
1 Kwonik 16:32 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Kite lanmè a fè gwo bwi, avèk tout sa ki ladann! Kite chan an ranpli ak jwa, ak tout sa ki ladann! 1998 Haïtienne Se pou lanmè a ak tou sa ki ladan li gwonde. Wi, se pou yo gwonde tank yo kontan. Se pou jaden yo ak tou sa ki ladan yo fè fèt. |
Konsa, tout bwa forè yo va chante avèk jwa devan SENYÈ a. Paske L ap vini pou jije latè.
Kite syèl yo vin kontan e kite latè rejwi. Kite lanmè a fè gwo bri ansanm ak tout sa ki ladann.
Chante a SENYÈ a yon chan tounèf, lwanj Li jis rive nan dènye pwent latè! Nou menm ki desann nan lanmè a, ak tout sa ki ladann, nou menm lil yo ak sila ki viv sou yo.
Rele ak jwa, O syèl yo, paske SENYÈ a te fè sa! Rele ak jwa, ou menm, kote pi ba sou latè yo! Pete ak gwo kri lajwa, O mòn yo, O forè ak tout pyebwa ki ladann yo; paske SENYÈ a te rachte Jacob, e an Israël, Li va devwale glwa Li.