Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 96:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Kite syèl yo vin kontan e kite latè rejwi. Kite lanmè a fè gwo bri ansanm ak tout sa ki ladann.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Se pou syèl la kontan, se pou latè a fè fèt. Se pou lanmè a ansanm ak tou sa ki ladan l pran fè bri sitèlman yo kontan.

Gade chapit la Kopi




Sòm 96:11
12 Referans Kwoze  

Kite lanmè a fè gwo bwi, avèk tout sa ki ladann! Kite chan an ranpli ak jwa, ak tout sa ki ladann!


Kite syèl la avèk tè a louwe Li, lanmè yo avèk tout sa ki fè mouvman ladann yo.


SENYÈ a renye, kite latè rejwi! Kite tout lil yo fè kè kontan!


Rele ak jwa, O syèl yo, paske SENYÈ a te fè sa! Rele ak jwa, ou menm, kote pi ba sou latè yo! Pete ak gwo kri lajwa, O mòn yo, O forè ak tout pyebwa ki ladann yo; paske SENYÈ a te rachte Jacob, e an Israël, Li va devwale glwa Li.


Rele fò ak jwa, O syèl yo! Rejwi, O latè! Eklate ak gwo kri lajwa, O mòn yo! Paske SENYÈ a te konsole pèp Li a. Li va gen konpasyon pou aflije Li yo.


“Menm jan an konsa, Mwen di nou, gen lajwa nan prezans zanj Bondye yo, sou yon sèl pechè ki repanti.”


Men zanj yo te di yo: “Pa pè, paske gade, mwen pote bòn nouvèl a gwo lajwa ki va pou tout pèp la.


“Pou rezon sa a, rejwi nou o syèl, ak nou menm ki demere ladann yo. Malè a tè a ak lanmè a paske dyab la gen tan desann sou nou avèk gwo kòlè, akoz li konnen tan li an vrèman kout.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite