Alò, te gen yon gè byen long antre lakay Saül ak lakay David. David te vin pi pwisan, men lakay Saül, ofiyamezi, te vin pi fèb.
1 Kwonik 11:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen David te vin pi gran e pi gran, paske SENYÈ a dèzame yo te avèk li. 1998 Haïtienne Chak jou David t'ap vin pi fò. Senyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, te kanpe avè l. |
Alò, te gen yon gè byen long antre lakay Saül ak lakay David. David te vin pi pwisan, men lakay Saül, ofiyamezi, te vin pi fèb.
Li te bati vil toutotou li, soti nan Millo menm pou rive nan tout zòn ki te antoure li yo; epi Joab te repare tout rès vil la.
Anverite, Mardochée te gran lakay a wa a e repitasyon li te gaye toupatou nan pwovens yo, paske nonm nan, Mardouchée, te vin pi gwo e pi gwo.
Malgre, moun dwat la va kenbe chemen li e sila ki gen men pwòp yo va vin pi fò e pi fò.
Pa pè, paske Mwen avèk ou. Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou. Mwen va fòtifye ou. Anverite Mwen va bay ou sekou. Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati, men dwat Mwen.
“Pinga ou pè, ou menm, vètè Jacob la, nou menm mesye Israël yo. Mwen va ede nou”, deklare SENYÈ a. “Redanmtè ou a se Sila Ki Sen an Israël la.
P ap gen fen nan gouvènman Li an ni p ap manke gen lapè sou twòn David la ak sou wayòm li an, pou etabli li e soutni l ak jistis avèk ladwati soti nan moman sa a jis rive pou tout tan. Zèl a SENYÈ dèzame yo va akonpli sa a.