Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Samyèl 3:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Alò, te gen yon gè byen long antre lakay Saül ak lakay David. David te vin pi pwisan, men lakay Saül, ofiyamezi, te vin pi fèb.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Patizan fanmi Sayil yo ak patizan David yo pase lontan ap goumen yonn ak lòt konsa. Men, patizan David yo t'ap vin pi plis chak jou. Patizan fanmi Sayil yo menm t'ap bese.

Gade chapit la Kopi




2 Samyèl 3:1
26 Referans Kwoze  

Te gen lagè antre Roboam avèk Jéroboam tout tan.


Malgre, kòmansman ou pa t remakab, ou ta fini avèk anpil gwo bagay.


Nan jou sa a, batay la te trè sevè e Abner avèk mesye Israël yo te kale devan sèvitè David yo.


Paske lit nou an pa kont lachè ak san, men kont wayòm yo, kont pouvwa yo, kont fòs mondyal a tenèb sila a, kont fòs lespri mechan yo nan lye selès yo.


Yo sòti nan fòs pou antre nan fòs yo. Yo chak parèt devan Bondye nan Sion.


Malgre, moun dwat la va kenbe chemen li e sila ki gen men pwòp yo va vin pi fò e pi fò.


Paske lachè mete dezi li yo kont Lespri a, e Lespri a kont lachè. Sila yo opoze a youn lòt, pou nou pa ta fè tout sa ke nou pito.


Haman te rakonte a Zéresch, madanm li avèk tout zanmi li yo tout sa ki te rive li yo. Epi mesye saj yo avèk Zéresch, madanm li an, te di li: “Si Mardochée, devan sila ou kòmanse tonbe a, sòti nan Jwif yo, anverite, ou p ap genyen sou li, men anverite, ou va tonbe devan li.”


Te gen lagè antre Asa avèk Baescha, fis a Achija a pandan tout jou pa yo.


Alò te gen lagè antre Asa avèk Baescha, wa Israël la pandan tout jou pa yo.


Mwen va mete rayisman antre ou menm avèk fanm nan, e antre pitit ou ak pitit li. Li va kraze tèt ou, e ou va kraze talon li.”


Mwen te gade, e vwala, yon cheval blan te vin parèt; epi Sila ki te chita sou li a te gen yon banza nan men l. Yon kouwòn te bay a li menm, e li te sòti ap venk moun e espwe pou venk moun.


Epi Joab te soufle twonpèt la. Konsa, tout pèp la te sispann e yo pa t kouri dèyè Israël ankò, ni yo pa t kontinye goumen ankò.


David te devni gran e pi gran, paske SENYÈ a, Bondye dèzame yo te avèk li.


Ou te osi delivre mwen sòti nan rebelyon ak zen pèp mwen an. Ou te kenbe m kòm chèf sou nasyon yo,


David te vin pi gran e pi gran, paske SENYÈ a dèzame yo te avèk li.


Anverite, Mardochée te gran lakay a wa a e repitasyon li te gaye toupatou nan pwovens yo, paske nonm nan, Mardouchée, te vin pi gwo e pi gwo.


Ou te delivre mwen devan yon pèp plen ak konfli; Ou te plase mwen kon chèf an tèt a nasyon yo; Yon pèp ke m pa menm konnen, se sèvitè mwen yo ye.


Li fè lagè yo sispann jis rive nan ekstremite latè. Li kase banza a, e koupe lans lan an de bout. Li brile cha yo avèk dife.


Li te vin rive ke pandan te gen lagè antre lakay Saül ak lakay David, ke Abner t ap ranfòse pozisyon li lakay Saül.


Alò, sila yo se te fis a David ke li te fè Hébron yo. Premye ne a, Amnon, pa Achinoam ak Jizreel; dezyèm nan, Daniel ak Abigaïl, moun Carmel la;


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite