Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Estè 9:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Anverite, Mardochée te gran lakay a wa a e repitasyon li te gaye toupatou nan pwovens yo, paske nonm nan, Mardouchée, te vin pi gwo e pi gwo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Nan tout peyi a, tout moun te konnen jan Madoche te yon grannèg nan palè wa a, chak jou li te vin gen plis pouvwa.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Madoche vin gen anpil pouvwa nan palè wa a. Bri ki t ap kouri sou enpòtans Madoche te gaye nan tout pwovens, paske l te vin yon nonm enpòtan nan palè a. Li vin gen plis pouvwa chak jou.

Gade chapit la Kopi




Estè 9:4
14 Referans Kwoze  

Alò, te gen yon gè byen long antre lakay Saül ak lakay David. David te vin pi pwisan, men lakay Saül, ofiyamezi, te vin pi fèb.


David te vin pi gran e pi gran, paske SENYÈ a dèzame yo te avèk li.


Rekonesans a David te sòti rive nan tout peyi yo, epi SENYÈ a te mennen lakrent li sou tout nasyon yo.


Epi tout sa li te acheve, otorite li avèk fòs li, ak listwa konplè ak wotè Mardochée te acheve nan sila wa a te fè l rive a, èske sila yo pa ekri nan Liv A Kwonik A Wa Mèdes Avèk Perse yo?


Li va tankou yon pyebwa ki plante bò kote flèv dlo ki bay fwi li nan sezon li. Fèy li p ap janm fane, e tout sa li fè byen reyisi.


Ou te delivre mwen devan yon pèp plen ak konfli; Ou te plase mwen kon chèf an tèt a nasyon yo; Yon pèp ke m pa menm konnen, se sèvitè mwen yo ye.


Plante lakay SENYÈ a, yo va fleri tankou palmis. Yo va fleri nan lakou kay Bondye nou an.


SENYÈ a te bay pèp la favè nan zye Ejipsyen yo. Anplis nonm nan, Moïse te byen estime nan peyi Égypte la, ni nan zye sèvitè a Farawon yo, ni nan zye a moun yo.


Men pa a moun dwat yo se tankou limyè granmmaten ki briye pi fò e pi fò jiskaske li vin fè jou nèt.


P ap gen fen nan gouvènman Li an ni p ap manke gen lapè sou twòn David la ak sou wayòm li an, pou etabli li e soutni l ak jistis avèk ladwati soti nan moman sa a jis rive pou tout tan. Zèl a SENYÈ dèzame yo va akonpli sa a.


Gade byen, nan lè sa a, Mwen va regle ak tout sila k ap oprime ou yo. Mwen va sove sila ki bwate yo, e rasanble sila ki te rejte yo. M ap bay lwanj ak lonè a sa yo ki p at gen plis ke wont sou tout latè.


Nouvèl Li te gaye toupatou nan peyi Syrie. Yo te pote bay Li tout sila ki te gen maladi avèk tout kalite doulè yo, sila ki te gen move lespri yo, sila ki te fè gwo kriz, ki te vin paralize yo, e Li te geri yo.


SENYÈ a te avèk Josué e li te vin byen rekonèt nan tout peyi a.


Pou sa, SENYÈ a, Bondye Israël la deklare: ‘Mwen te vrèman di ke lakay ou ak lakay zansèt ou yo ta dwe mache devan Mwen pou tou tan.’ Men koulye a SENYÈ a deklare: ‘Ou lwen de sa a — paske sila ki onore Mwen yo, Mwen va onore yo. Men sila ki meprize Mwen yo, Mwen va meprize yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite