1 Kwonik 11:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen David te gen yon lanvi, epi te di: “O ke yon moun ban m dlo pou bwè soti nan pwi Bethléem ki akote pòtay la!” 1998 Haïtienne Yon sèl anvi pran David, li di konsa: — Ki moun ki va fè m bwè ti gout dlo nan pi ki nan pòtay lavil Betleyèm lan? |
Konsa, twa mesye sa yo te antre nan kan Filisten yo, te rale dlo soti nan pwi Bethléem ki te akote pòtay la e te pran li pou te pote l bay David. Sepandan, David te refize bwè l, men te vide li bay SENYÈ a.
O Bondye, Ou se Bondye mwen. Mwen va chache Ou ak tout kè m. Nanm mwen swaf pou Ou. Chè m anvi Ou nan yon peyi epwize e sèch kote nanpwen dlo.
Jésus te reponn e te di l: “Si ou te konnen don Bondye a, epi ki moun ki di ou ‘Ban M bwè a’, ou t ap mande L, e Li t ap bay ou dlo vivan an.”
Men nenpòt moun ki bwè dlo ke Mwen bay li a, p ap janm swaf. Men dlo ke Mwen bay li a ap vini nan li tankou yon pwi k ap bay dlo jiska lavi etènèl.”