1 Kwonik 11:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen18 Konsa, twa mesye sa yo te antre nan kan Filisten yo, te rale dlo soti nan pwi Bethléem ki te akote pòtay la e te pran li pou te pote l bay David. Sepandan, David te refize bwè l, men te vide li bay SENYÈ a. Gade chapit la1998 Haïtienne18 Lamenm twa mesye yo desann, yo fofile kò yo nan mitan moun Filisti yo, yo pran dlo nan pi ki te nan pòtay lavil Betleyèm lan, yo pote l vin bay David. Men, David refize bwè dlo a. Li vide l atè, li ofri l bay Senyè a. Gade chapit la |