Lè Filisten yo te tande ke yo te onksyone David wa sou Israël, tout Filisten yo te monte pou chache jwenn David. Lè David te tande sa, li te desann nan fò a.
Apre, ou va vini nan ti mòn Bondye a kote ganizon lame Filisten an ye a. Konsa, li va fèt ke depi ou vini la, kote vil la, ou va rankontre yon gwoup pwofèt k ap desann soti nan plas anwo a avèk gita, tanbouren, flit ak bandyo devan yo, e yo va pwofetize.
Tout Israël te tande nouvèl ke Saül te frape post a Filisten yo, e osi ke Israël te vin rayisab a Filisten yo. Konsa pèp la te resevwa lòd pou rasanble Guilgal.
Lè Saül avèk mesye pa li yo te ale chache, yo te fè David konnen. Konsa, li te desann kote wòch la pou te rete nan dezè Maon an. Epi lè Saül te tande sa, li te kouri dèyè David nan dezè Maon an.