1 Kwonik 11:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò, twa nan trant mesye chèf yo te desann vè wòch kav Adullam nan, pandan lame Filisten yo t ap fè kan nan vale Rephaïm nan. 1998 Haïtienne Yon lòt jou, nan sezon rekòt, twa nan gwoup Trant yo al jwenn David nan gwòt Adoulam lan. Lame moun Filisti yo te moute kan yo nan plenn moun Refayim yo. |
Yo te kanpe pran plas yo nan mitan mòso tè a pou te defann li e li te touye Filisten yo; epi SENYÈ a te delivre yo avèk yon gran viktwa.
Jischmaeia, Gabaonit lan, yon mesye pwisan pami trant yo, e tèt a trant yo, epi Jérémie; Jachaziel; Jochannan'; Jozabad, Guedérait la;
Li va tankou lè mwasonè sereyal la ap ranmase; lè bra li ap rekòlte tèt sereyal yo. Wi, tankou yon moun k ap ranmase tèt sereyal nan vale Rephaïm yo.
Anplis, Mwen va mennen bay nou sila k ap pran posesyon nou an, O nou menm k ap viv nan Maréscha yo! Glwa Israël la va antre menm nan Adullam.
Konsa, lizyè a te monte nan vale Ben-Hinnon rive nan pant Jebizyen nan sid (sa vle di Jérusalem), epi lizyè a te monte sou pwent mòn nan ki pi devan vale Hinnon an vè lwès, ki nan dènye pwent vale Rephaïm nan vè nò.
Konsa, David te kite la pou te chape rive nan kav Adullam nan. Epi lè frè li yo avèk tout lakay papa li te tande koze sa a, yo te desann bò kote li.