Laban te di li: “Anverite, ou se zo mwen avèk chè mwen.” Konsa, li te rete avèk li pandan yon mwa.
1 Kwonik 11:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Epi tout Israël te reyini kote David nan Hébron. Yo te di: “Gade byen, nou se zo ou ak chè ou. 1998 Haïtienne Tout branch fanmi Izrayèl yo vin jwenn David lavil Ebwon, yo di l konsa: — Nou se moun menm ras, menm fanmi avè ou. |
Laban te di li: “Anverite, ou se zo mwen avèk chè mwen.” Konsa, li te rete avèk li pandan yon mwa.
Men Absalom te voye espyon toupatou pami tout tribi Israël yo. Li te di: “Depi ou tande son a twonpèt la, alò, ou va di: ‘Absalom se wa nan Hébron.’”
Alò, li te vin rive apre, ke David te fè demand a SENYÈ a, e te di: “Èske Mwen dwe monte nan youn nan vil Juda yo?” Epi SENYÈ a te di li: “Monte!” Konsa David te di: “Se kibò pou m ta monte?” Epi Li te di: “Nan Hébron.”
Jou ke David te renye sou Israël yo te karant ane. Sèt ane, li te renye Hébron e trann-twa ane, li te renye Jérusalem.
Lè yo te fin monte Negev, yo te rive Hébron kote Ahiman, Schéschaï ak Talmaï, desandan a Anak yo te ye a. (Alò, Hébron te bati sèt ane avan Tsoan an Égypte.)
Nou va, anverite, mete yon wa ke SENYÈ a chwazi sou nou, youn ki soti nan sitwayen parèy nou yo, nou va mete l kòm wa sou nou. “Nou pa kapab mete yon etranje sou nou menm, ki pa sitwayen parèy nou.
“Pale koulye a, pou tout chèf Sichem yo tande: ‘Kisa k ap pi bon pou nou, ke swasann-dis lòm, tout fis a Jerubbaal yo vin renye sou nou, oswa ke yon sèl moun renye sou nou?’ Anplis, sonje byen ke mwen se zo nou ak chè nou.”