Konsa, ale fè disip a tout nasyon yo, epi batize yo nan non Papa a, Fis la, avèk Lespri Sen an.
1 Jan 5:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Lespri a, dlo a, ak san an; epi tout nan twa sa yo se an akò kon youn sèl. 1998 Haïtienne Se Lespri Bondye a, se dlo a ansanm ak san an. Yo touletwa yo dakò. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Lespri, dlo ak san, epi toulètwa temwayaj yo ale nan menm sans. |
Konsa, ale fè disip a tout nasyon yo, epi batize yo nan non Papa a, Fis la, avèk Lespri Sen an.
“Lè Konseye a vini, sila a ke M ap voye bay nou sòti nan Papa a, sa se Lespri verite a, ki sòti nan Papa a, L ap fè temwayaj de Mwen.
Men youn nan sòlda yo te frennen akote Li avèk yon lans, epi imedyatman, san mele avèk dlo te soti.
Menm jan an, Jésus osi, pou Li te kapab sanktifye pèp la ak pwòp san Li, te soufri deyò pòtay la.
Paske nan ka a sila ki, yon fwa, te eklere yo, ki te goute kado selès la, ki te vin patisipan nan Lespri Sen yo,
Sa se yon modèl pare ak batèm, ki koulye a ap sove nou—pa akoz li retire salte sou kò a, men akoz yon angajman anvè Bondye pou gen yon bon konsyans pa rezirèksyon a Jésus Kri a.
Si nou resevwa temwen lan a lòm, temwen Bondye a pi gran. Paske temwen Bondye a se sa; ke Li te pote temwen konsènan Fis Li.