Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Ebre 6:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Paske nan ka a sila ki, yon fwa, te eklere yo, ki te goute kado selès la, ki te vin patisipan nan Lespri Sen yo,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Moun ki te resevwa limyè Bondye a yon fwa deja, yo te goute kado Bondye te ba yo a, yo te resevwa pòsyon pa yo nan Sentespri Bondye a.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4-6 Lè moun kite chemen Kris la, ki lòt bagay ou ka fè ankò pou fè yo chanje lavi yo? M ap pale de moun ki gen tan aprann verite a, moun ki gen tan resevwa don Bondye, moun ki gen tan patisipe nan Sentespri a. Yo gentan tande mesaj la epi yo gentan wè puisans li k ap aji nan lemonn. Men, apre sa, yo vire do bay tout bagay. Li enposib pou fè moun kon sa chanje ankò. Moun ki rejte Kris la se klouwe y ap klouwe l sou kwa a ankò, se wont y ap fè li wont devan tout moun.

Gade chapit la Kopi




Ebre 6:4
38 Referans Kwoze  

“Nou se sèl latè; men si sèl la pèdi gou li, kijan pou l fè l rekouvri gou sèl ankò? Li p ap bon ankò sof pou voye jete e pile anba pye moun.


Si nenpòt moun pa rete nan Mwen, li va jete kon yon branch, e l ap seche. Y ap ranmase yo e jete yo nan dife, epi y ap brile.


Paske se pa lagras ke nou sove atravè lafwa. E sa pa de nou menm, se kado a Bondye a.


Jean te reponn e te di: “Yon nonm pa kapab resevwa anyen anmwenske li sòti nan syèl la.


Men sonje jou nan tan pase yo, lè apre nou te fin eklere, nou te andire yon gwo konfli soufrans


Konsa l ale chache sèt lòt espri pi mal ke li. Yo antre la pou viv avè l, epi dènye eta a moun sa a pi mal pase premye a. Se konsa l ap ye avèk jenerasyon mechan sila a.”


Sèl bagay ke m vle konnen de nou; Èske nou te resevwa Lespri a pa zèv Lalwa yo, oubyen pa tande avèk lafwa?


avèk dousè, korije sila ki nan opozisyon yo, pou si petèt Bondye kapab bay yo repantans k ap mennen yo a konesans verite a,


Si nenpòt wè frè l ap fè yon peche ki pa mennen a lanmò li va mande, epi Bondye va pou li menm, bay lavi a sa yo ki fè peche ki pa mennen a lanmò. Genyen yon peche ki mennen a lanmò. Mwen pa di ke li dwe fè demann pou sila.


Bondye, osi, te pote temwayaj a yo menm, pa sign, pa mèvèy, pa plizyè mirak e pa don Lespri Sen yo selon pwòp volonte pa Li.


Pa neglije don Lespri Bondye ki nan ou a, ki te bay a ou menm pa yon pawòl pwofetik avèk men Ansyen ki te poze sou ou yo.


“Donk, si Bondye te bay yo menm don ak nou, lè nou te vin kwè nan Senyè Jésus Kri a, kilès mwen te ye pou m ta kab anpeche Bondye?”


Men a nou chak, gras te vin bay selon mezi don a Kris la.


Sou pwomès sa a, mwen te vin yon sèvitè selon don lagras Bondye a, ke m te resevwa selon travay pouvwa Li a.


Tout kwayan sikonsi ki te vini avèk Pierre yo te etone paske don Lespri Sen an te vèse sou etranje yo tou.


Men Pierre te di li: “Ke lajan ou an peri avè w, paske ou te panse ke ou ta kapab vin genyen don Bondye a avèk lajan.


Pou sa, Jésus te di yo: “Anverite, anverite, Mwen di nou, se pa Moïse ki te bay nou pen ki sòti nan syèl la, men se Papa M ki bay nou vrè pen ki sòti nan syèl la.


Li te reprann diskou li e te di: “Pòt pawòl a Balaam nan, fis a Beor a, Pòt pawòl a nonm ki gen zye louvri a;


Alò, èske Sila ki founi nou avèk Lespri a e ki te fè zèv mirak pami nou yo, te fè li pa zèv Lalwa yo, oubyen pa tande ak lafwa.


Bondye ki konnen kè a, te temwaye a yo menm, e te bay yo Lespri Sen an, menm jan ke Li te fè nou an.


Jésus te reponn e te di l: “Si ou te konnen don Bondye a, epi ki moun ki di ou ‘Ban M bwè a’, ou t ap mande L, e Li t ap bay ou dlo vivan an.”


Alexandre, bòs fòjewon an, te fè mwen anpil mal. Senyè a va rann li sa selon zèv li.


Paske mwen anvi wè nou pou m kapab bannou kèk don Lespri a, pou nou kapab byen etabli.


Nan ka sila a, dye a mond sa a vwale lespri a enkwayan yo pou yo pa wè limyè levanjil la, glwa a Kris la, ki se imaj a Bondye.


Paske se Bondye, ki te di: “Limyè va klere nan tenèb la”. Se Li menm nan ki te briye nan kè nou pou bay limyè de konesans a glwa Bondye a, ki se nan figi Kris Jésus a.


M priye pou zye a kè nou kapab klere, pou nou kapab konnen kisa ki esperans apèl Li a, ak sa ki richès laglwa eritaj Li a pami sen yo.


Lè bagay la avèk mak la fin lave, prèt la va gade ankò, e si mak la pa chanje aparans li, malgre mak la pa gaye, li pa pwòp. Nou va brile li nan dife, menm si li epwize pa anwo oswa pa devan li.


“Si, alò, mak la vin parèt ankò nan kay la apre li fin retire wòch yo, grate kay la, e apre li fin fè randisaj nèf la,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite