Yon nonm saj va tande, va grandi nan konesans li e yon nonm bon konprann va twouve konsèy ki saj,
1 Jan 2:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Mwen pa t ekri nou akoz nou pa konnen verite a, men paske nou konnen li, epi akoz ke okenn manti pa janm sòti nan laverite a. 1998 Haïtienne Si m'ap ekri nou lèt sa a, se pa paske nou pa konn verite a non. Men, okontrè, se paske nou konnen li. Paske nou konnen pa gen manti ki ka sòti nan verite a. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Si m ekri nou lèt sa a, se pa paske nou pa konnen verite a, se paske nou konnen li; nou konnen tou pyès manti pa ka soti nan verite a. |
Yon nonm saj va tande, va grandi nan konesans li e yon nonm bon konprann va twouve konsèy ki saj,
Pou sa, Pilate te di Li: “Alò se yon wa ke Ou ye?” “Ou di byen kòrèk, ke se yon wa ke Mwen ye. Pou sa Mwen fèt, e Pou sa Mwen vini nan lemonn. Pou pote temwayaj a laverite. Tout moun ki nan laverite a tande vwa M.”
“Nou se pitit a papa nou, dyab la. Epi nou vle fè volonte a papa nou. Li te yon asasen depi nan kòmansman, e li pa kanpe nan verite a, paske nanpwen verite nan li. Lè li manti, li manti pou kont li, paske se yon mantè li ye, epi papa a tout manti.
Nou konnen sa, frè byeneme m yo. Men tout moun dwe gen vitès nan tande, lan nan pale, e lan nan fè kòlè.
Konsa, mwen va toujou prè pou fè nou sonje bagay sa yo, malgre nou deja konnen yo, e etabli nan verite ki deja la avèk nou an.
Koulye a, mwen vle fè nou sonje, malgre ke nou deja konnen tout bagay yo nèt, ke Senyè a apre Li te delivre yon pèp sòti nan Égypte, apre te detwi tout sa yo ki pa t kwè.