Kisa lòm nan ye pou li ta kab san tach, oswa sila ki fèt de fanm nan pou ta kab dwat?
1 Jan 1:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Epi si nou di ke nou pa peche, nou fè Li menm yon mantè, epi pawòl Li pa nan nou. 1998 Haïtienne Men, si nou di nou pat fè peche, nou fè Bondye pase pou mantò: Pawòl li pa nan kè nou. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Si nou di nou pa janm fè peche, nou fè l tounen yon moun k ap bay manti epi tou nou rejte ansèyman li a. |
Kisa lòm nan ye pou li ta kab san tach, oswa sila ki fèt de fanm nan pou ta kab dwat?
Alò, si se pa konsa li ye, se kilès ki kab fè prèv ke m bay manti, oswa anile pawòl mwen yo?”
Sepandan, ou te di: ‘Mwen inosan. Asireman, kòlè Li pa sou mwen.’ Gade byen, Mwen va antre nan jijman avèk ou, paske ou di: ‘Mwen pa t peche.’
Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.
Si nou di ke nou pa gen peche, n ap pase pwòp tèt nou nan desepsyon, epi laverite a pa nan nou.
Mwen te ekri nou, papa yo, paske nou konnen Li ki te la depi kòmansman a. Mwen te ekri nou jenn nonm yo paske nou gen fòs, epi pawòl Bondye a reste nan nou, epi nou te vin gen viktwa sou sila ki mechan.
Sila ki di “Mwen gen tan konnen Li,” men pa kenbe kòmandman Li yo, se yon mantè, epi laverite a pa nan li.
Ti moun yo, nou se a Bondye, epi te venk lespri sa ki fo, paske pi gran se Li ki nan nou, pase li ki nan lemonn an.
Sila ki kwè nan Fis a Lòm nan gen temwen nan li menm. Men sila ki pa kwè Bondye te fè L yon mantè, akoz ke li pa kwè nan temwen ke Bondye pote konsènan Fis Li.