Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jeremi 2:35 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

35 Sepandan, ou te di: ‘Mwen inosan. Asireman, kòlè Li pa sou mwen.’ Gade byen, Mwen va antre nan jijman avèk ou, paske ou di: ‘Mwen pa t peche.’

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

35 w'ap plede di ou pa antò. Senyè a pa fache avè ou ankò. Men, mwen menm Senyè a, mwen pral pini ou paske ou refize rekonèt ou te fè sa ou pat dwe fè.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 2:35
11 Referans Kwoze  

Sila ki kache transgresyon li yo, p ap fè pwogrè; men sila ki konfese yo e kite yo, va jwenn konpasyon.


Yon fwa, mwen te vivan separe de Lalwa a, men lè kòmandman an te vini, peche te pran lavi, e mwen te mouri.


Yon zen va rive soti nan dènye ekstremite latè, akoz SENYÈ a gen yon kont pou regle ak tout nasyon yo. Li va antre nan jijman ak tout chè yo. Pou mechan yo, li va livre yo a nepe,’” deklare SENYÈ a.


Poukisa ou fè kont avè M? Nou tout te fè transgresyon kont Mwen,” deklare SENYÈ a.


“Kòman ou ka di: ‘Mwen pa sal, Mwen pa t kouri dèyè Baal yo?’ Gade chemen ou nan vale a! Konnen byen sa ou te fè a! Ou se yon jenn femèl chamo byen rapid, k ap fè chemen l kote li pito.


“Pou sa, jiska prezan, Mwen va fè kont avèk nou”, deklare SENYÈ a: “Menm avèk pitit a pitit nou yo, Mwen va fè kont.


‘Poukisa nou fè jèn e Ou pa wè? Èske nou imilye nou e Ou pa wè?’ “Gade byen, nan jou jèn lan, ou satisfè tout dezi nou yo e nou kòmande byen di tout ouvriye nou yo.


Job te di: ‘Mwen san tach, san transgresyon; mwen inosan e nanpwen koupabilite nan mwen.


Filè Mwen an va kouvri li nèt e li va kenbe nan pèlen an. Epi Mwen va mennen li Babylone e antre nan jijman avèk li selon zak enfidèl ke li te komèt kont Mwen an.


Alò, lè ou di pèp sa a tout pawòl sa yo, yo va di ou: ‘Pou ki rezon SENYÈ a te deklare tout gwo malè sa a kont nou? Epi ki inikite oswa ki peche ke nou te fè kont SENYÈ a, Bondye nou an?’


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite