Tit 3:7 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil7 Nan gras li, Bondye libere nou soti anba peche epi Bondye adopte nou. Tout sa rive, pou nou kapab vin pitit Bondye, moun k ap tann lavi etènèl, dapre pwomès li fè yo. Gade chapit la1998 Haïtienne7 Avèk favè sa a Bondye fè nou an, li fè nou gras. Kounyeya nou ka resevwa sa n'ap tann lan: lavi ki p'ap janm fini an. Gade chapit laBib Sen An: Kreyòl Ayisyen7 Konsa nou te vin jistifye pa lagras Li, pou nou ta kapab vin eritye selon esperans a lavi etènèl la. Gade chapit la |
Konsa, yon moun jwenn sa Bondye te pwomèt la, lè l gen lafwa. Se kon sa sa ye pou pwomès la kapab yon kado vrèman vre. Epi si pwomès la se yon kado, lè sa a, se sèten tout desandan Abraram yo ap jwenn pwomès sa a. Pwomès la pa sèlman pou moun k ap viv anba Lalwa Moyiz la. Li pou tout moun k ap viv pa lafwa menm jan ak Abraram. Abraram se papa nou tout.
Nou konnen Bondye pa deklare yon moun dwat devan l paske moun sa a fè sa lalwa mande. Men, se poutèt fidelite Kris la ki fè Bondye kapab aksepte nou. Se poutèt sa, nou menm Juif yo tou, nou te mete konfyans nou nan Jezikris pou Bondye te kapab deklare nou dwat devan l. Se pa t lalwa nou te obsève, paske pa gen okenn moun Bondye ap deklare dwat devan l paske li fè sa lalwa mande.