Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Tit 3:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Fè kretyen yo sonje yo dwe soumèt anba tout chèf ak tout otorite. Se pou yo obeyisan epi toujou pare pou fè tout sa ki byen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Fè yo chonje se pou yo soumèt devan tout chèf ak tout otorite, pou yo obeyi yo, pou yo toujou pare pou fè tou sa ki byen.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Raple yo pou soumèt yo a tout wayòm ak otorite yo, pou yo rete obeyisan, eprè pou tout bon zèv

Gade chapit la Kopi




Tit 3:1
29 Referans Kwoze  

Yo reponn li: “Foto Seza ak non Seza.” Epi li di yo: “Bay Seza sa k pou Seza, bay Bondye sa k pou Bondye!”


Konsa, frè m ak sè m yo, nou menm mwen renmen anpil, kenbe fèm, pa lage! Angaje nou pi plis chak jou nan travay Senyè a. Jan nou konnen l deja, travay nou fè pou Senyè a p ap janm pèdi.


Se Bondye ki fè nou sa nou ye a. Li fè nou vin moun nouvo nan Jezikris. Konsa, nou ka pase lavi nou ap fè bon bagay li te planifye davans pou nou fè.


M ap priye pou lavi nou ranpli ak bon zèv tou pou sa ka sèvi yon sous glwa ak lwanj pou Bondye gras a Jezikris.


Sa pral ede nou viv yon fason ki fè lwanj pou Bondye epi ki fè l plezi nèt ale. Se pou lavi nou donnen tout kalite bòn zèv epi se pou nou grandi nan konesans Bondye.


Nou dwe priye pou wa yo ak pou tout moun ki gen yon otorite kèlkonk. Nou dwe priye pou lidè sa yo, pou nou kapab mennen yon lavi trankil, nan lapè, avèk respè, yon lavi ki fè lwanj pou Bondye toutbon vre epi ki fè moun respekte yo.


Anseye frè ak sè yo bagay sa yo. Lè sa a, ou ap yon bon sèvitè pou Jezikris. Sa va montre kijan ou vin gen fòs pa mwayen pawòl verite ki chita konfyans nou nan Bondye, ansanm ak bon ansèyman ou ap swiv la.


Fòk tout moun konnen valè bon bagay li te fè: li te elve timoun li, li te konn byen resevwa moun lakay li, li te konn rann lòt kretyen sèvis nan fason yon sèvant konn fè sa, li te konn ede malere yo epi li te konn fè tout kalite bon bagay.


Se poutèt sa m ap fè w sonje sa: kenbe flam don Bondye ba w la byen limen. Don ou te resevwa lè m te poze men m sou tèt ou a.


Fè tout moun sonje sa. Devan Bondye, se pou w rekòmande moun yo avèk fòs pou yo pa batay sou yon seri de mo. Sa p ap sèvi anyen, sa ap fin demoli moun k ap koute yo sèlman.


Senyè a vle itilize w pou moman espesyal yo. Poutèt sa, netwaye lavi w, retire tout sa k pa bon. Lè sa a, ou va san peche, epi Mèt la va kapab itilize w. Ou va prèt pou fèt tout sa ki byen.


Yo di yo konnen Bondye. Men, jan y ap viv nan fè sa ki mal, sa montre se pa vre. Se jan de moun sa yo Bondye rayi. Yo refize obeyi Bondye. Yo pa itil pou fè anyen ki byen.


Jezikris te bay lavi l pou nou, pou l kapab delivre nou soti anba tout sa ki mal, pou l fè nou pwòp. Li vle fè nou yon pèp ki rele l chè mèt chè mètrès epi ki zele pou fè sa ki byen.


Moun pa nou yo dwe aprann gen anpil zèl nan fè sa ki byen pou ede moun ki gen bezwen ki paka tann. Konsa, y ap mennen yon lavi ki gen yon bon enfliyans nan kominote a.


Pawòl sa yo se verite a. Mwen vle w kategorik sou yo, poutèt pou moun ki chita lafwa yo nan Bondye fè tout efò yo pou yo fè anpil pwogrè nan fè sa ki byen. Se kalite lavi kon sa ki bon epi itil pou tout moun.


Se poutèt sa m vle fè n toujou sonje bagay sa yo. Se bagay nou konnen deja, nou toujou rete fèm nan verite nou te resevwa a.


Mwen vle ede nou sonje kèk bagay nou konnen deja: Sonje Senyè a te sove pèp li a, lè l te kondui yo soti nan peyi Lejip. Men apre sa, li te detwi tout moun ki pa t kwè yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite