Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Tit 2:5 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Yo dwe byen panse sou jan y ap viv. Yo dwe kenbe tèt yo pwòp. Yo dwe dirije kay yo byen. Epi yo dwe prèt pou rann mari yo sèvis. Lè sa a, pèsòn p ap jwenn mwayen pou kritike ansèyman Bondye ban nou fè a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 ki jan pou yo kenbe tèt yo anplas, pou yo pa nan dezòd, pou yo konn okipe kay yo byen, pou yo aji ak bon kè, pou yo soumèt devan mari yo. Konsa, moun p'ap ka pale pawòl Bondye a mal.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 pou yo kapab reflechi kon moun serye, rete san tach, fè travay lakay yo, janti, soumèt a pwòp mari yo, pou yo pa dezonore pawòl Bondye a.

Gade chapit la Kopi




Tit 2:5
22 Referans Kwoze  

Te gen yon dam ki te kwè nan Jezi nan vil Jope ki te rele Tabita. Nan lang Grèk la, yo te rele l Dòkas ki vle di “Gazèl”. Li te toujou fè byen anvè tout moun epi li te konn ede pòv yo.


Pyè pati tousuit avèk mesye yo. Lè l rive, yo mennen l toudwat nan chanm anlè a. Tout vèv yo te kanpe bò kote Pyè nan chanm nan, yo t ap kriye. Yo montre Pyè yon bann chemiz ak rad Tabita te konn fè lè l te vivan nan mitan yo.


Pa kite sa w panse ki bon pou ou tounen yon rezon pou fè moun kritike w.


Jan Pawòl Bondye a di l la, “Moun lòt nasyon yo ap joure Bondye poutèt ou menm.”


Epi, men kèk bagay mwen ta renmen eksplike nou, paske se vre, se Kris ki alatèt tout gason yo, alatèt madanm nan se gason an epi se Bondye ki alatèt Kris.


Medam yo dwe rete an silans nan reyinyon legliz yo. Yo pa gen otorizasyon pou yo pran lapawòl. Jan lalwa Moyiz la di l la, yo dwe rete soumi.


Kidonk, chak moun dwe renmen madanm li menm jan li renmen pwòp tèt li, epi se pou chak madanm respekte mari li.


Medam yo, se pou n dakò ak lidèchip mari nou. Se kon sa pou sa fèt, paske nou se moun Senyè a.


Fòk tout moun konnen valè bon bagay li te fè: li te elve timoun li, li te konn byen resevwa moun lakay li, li te konn rann lòt kretyen sèvis nan fason yon sèvant konn fè sa, li te konn ede malere yo epi li te konn fè tout kalite bon bagay.


Tout moun ki esklav dwe montre anpil respè pou mèt yo. Lè sa a, pèsòn p ap pase non Bondye nan betiz ni kritike ansèyman n ap bay.


Konsa, y ap montre jèn madanm marye yo kijan pou yo renmen mari yo ansanm ak pitit yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite