Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Tit 1:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Lè bon moman an te rive, li te fè moun konnen Bòn Nouvèl sa a. Bondye Sovè nou an te ban mwen mesaj sa a epi li pase m lòd pou m fè tout moun konnen sa l di.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Lè lè li te fikse a rive, li fè nou konnen lavi sa a ak pawòl li, nan mesay li te renmèt mwen pou m fè konnen, dapre lòd Bondye, Sovè nou an, te ban mwen.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Men nan tan konvenab la, pawòl Li te manifeste, ak mesaj sila a ki te konfye m nan, selon kòmandman a Bondye a, Sovè nou an,

Gade chapit la Kopi




Tit 1:3
39 Referans Kwoze  

Li di: “Lè a rive! Pa gen tan ankò. Wayòm Bondye rive sou nou. Chanje direksyon lavi nou epi kwè nan Bòn nouvèl la.”


Anvan lafen an rive, fòk Levanjil la preche nan tout nasyon yo.


Li di yo: “Ale tout kote nan lemonn antye preche tout moun Bòn Nouvèl la.


Lespri m rejwi nan Bondye sovè mwen.


Bondye te pale ak pèp Izrayèl la. Li fè yo konnen Bòn Nouvèl la ki di lapè a vini nan Jezikris. Jezikris sa a se Senyè sou tout moun.


Bondye te kreye yon sèl moun, epi avèk moun sa li vin fè tout moun nèt ki sou tè a, kèlkeswa kote y ap viv. Li deside davans ki kote ak nan ki epòk y ap gen pou yo viv.


ak zèv puisans li. Soti Jerizalèm, rive nan rejyon Iliri, mwen preche Levanjil Kris la nèt.


An n fè lwanj pou Bondye! Se li menm ki ka fòtifye nou nan lafwa selon Levanjil m ap preche a, dapre Jezikris, dapre konesans Bondye ban nou sou mistè ki te kache depi lontan.


Mistè sa a devwale jodi a, pa mwayen sa pwofèt yo te ekri dapre lòd Bondye te bay. Tout nasyon yo vin konnen sa kounye a, poutèt pou yo ka obeyi ak lafwa nan Bondye.


Tout sa se laverite, paske Kris te mouri pou nou, lè nou pa t ka fè anyen pou pwòp tèt nou. Nou t ap viv tankou moun ki pa gen okenn respè pou Bondye, men Kris te mouri pou nou, lè jou a te rive pou sa te fèt.


Si se te mwen menm ki te chwazi preche levanjil kòm yon travay, lè sa a mwen t ap gen dwa ak yon salè. Men se pa t chwa pa m, se yon misyon Bondye konfye m.


Men, lè lè a te rive, Bondye te voye Pitit li a, yon fanm te ba l nesans epi li te viv anba Lalwa.


Bondye t ap ranje tout bagay pou fè plan an reyalize lè moman an ta rive. Plan li, se pou l reyini tout bagay ki nan syèl la ak sa ki sou latè, pou li rasanble yo tout, menm jan ak yon kò, avèk Kris kòm tèt.


Jezikris te vini, li pote mesaj lapè a bay moun ki pa Jwif yo ki te lwen Bondye. Li pote mesaj lapè a tou bay Jwif yo ki te toupre Bondye.


Sa fè tout moun isit la, ak sòlda women k ap pwoteje Seza yo, konnen se poutèt Jezikris mwen nan prizon.


Se sa ki gen pou rive, si nou rete nan Levanjil nou te tande a. Nou dwe rete fèm epi byen asire nan lafwa nou. Pa kite anyen vin fè n abandone espwa nou te jwenn nan, lè nou te tande Levanjil la. Se Levanjil sa a ki fin gaye toupatou sou latè epi se travay sa a menm mwen menm Pòl Bondye ban m pou m fè.


Levanjil la gaye epi l ap pote bon rezilta nan lemonn antye. Se menm jan ak bò kote pa nou tou, depi premye fwa nou te tande epi konprann gras Bondye a vrèman vre.


Okontrè, nou te jwenn konsantman Bondye anvan menm nou kòmanse travay predikasyon an. Wi, Bondye konfye nou pou n preche Bòn Nouvèl la. Konsa, se Bondye n ap chache fè plezi lè nou preche Bòn Nouvèl la. Nou pa preche pou fè moun plezi. Bondye wè sa k ap pase nan kè nou.


Se mwen menm Pòl, apot Jezikris la, k ap salye nou. Mwen se yon apot sou baz kòmandman Bondye, Sovè nou, ansanm ak Jezikris, sous esperans nou an.


Ansèyman sa a fè pati Bòn Nouvèl Bondye ki gen anpil benediksyon an te konfye m pou m anonse a. Bòn Nouvèl sa a fè laglwa Bondye parèt aklè.


Se sa ki bon, epi se sa ki fè Bondye Sovè nou an plezi.


Wi, n ap travay di, epi n ap konbat. Paske nou mete espwa nou nan Bondye vivan an. Se li menm ki Sovè a pou tout moun, sitou pou moun ki kwè yo.


Men Senyè a te kanpe avè m. Senyè te ban m fòs. Konsa, mwen bay Levanjil tout kote m pase. Mwen fè tout payen yo tande Levanjil. Konsa, mwen te delivre soti nan bouch lyon an.


Esklav yo pa dwe nan vòlè bagay mèt yo, men se pou yo montre yo diy de konfyans. Konsa, nan tout sa y ap fè, y ap fè moun respekte ansèyman ki konsène Bondye, Sovè nou an.


Se kon sa pou n viv nan tann n ap tann jou sa a rive, jou kote laglwa gwo Bondye nou an, ansanm ak Jezikris Sovè nou an, va parèt.


Lè sa a, moun ki te nan mitan nyaj la pase manchèt la sou latè, yo te ranmase rekòt la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite