Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Tit 1:12 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Gen youn nan yo menm, pwòp pwofèt yo, moun Krèt, ki di konsa: “Moun Krèt, toujou fò nan bay manti. Yo pa miyò pase bèt mawon mechan. Sèl sa yo konnen, se manje, men yo pa janm vle travay.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Se pwòp pwofèt moun Krèt yo menm ki di: Moun Krèt, moun mantè! Move bèt! Vant sa pa janm plen!

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Youn nan yo, yon pwofèt de pèp yo menm te di: “Moun Crète yo se toujou mantè yo ye, bèt mechan, parese ki manje twòp”.

Gade chapit la Kopi




Tit 1:12
12 Referans Kwoze  

Paske se nan li nou kapab viv, kapasite pou n fè sa nou fè epi tou pou nou sa nou ye. Se sa wi youn nan pwòp powèt ou yo te di: Nou tout se nan li nou soti.


Pami nou la a, gen moun ki Jwif nan san yo, gen lòt se moun lòt nasyon ki te vin konvèti nan relijyon Jwif yo. Gen moun ki soti Krèt, gen moun Arabi tou. Ki jan nou chak fè tande y ap pale de bèl mèvèy Bondye yo nan pwòp lang nou chak?”


Poutèt zòn s a pa t yon zòn kote yo te kapab pase sezon livè a, pi fò nan mesye yo te deside leve lank pou eseye rive nan yon pò yo rele Feniks. Se te yon pò nan zòn Krèt ki te bay sou Sidwès ak Nòdwès. Se la yo te panse pase sezon livè a.


Yon van ki soti nan sid te kòmanse ap soufle toudousman. Lè sa a, mesye yo panse pwojè yo a t ap gen chans reyisi. Yo leve lank epi nou t ap eseye vanse bò kote zile Krèt la.


Nou navige lantman pandan plizyè jou. Se te avèk anpil efò nou te rive sou kòt Nid. Men poutèt van an pa t pèmèt nou ale pi lwen, nou te navige pase nan sid zile Krèt ki toupre ak Salmone.


Se pa Kris, Senyè nou an moun sa yo ap sèvi. Yo sèlman ap fè vant yo plezi. Y ap sèvi ak bèl pawòl, y ap flate w, moun ki sispèk yo, yo twonpe yo.


Yo gen pou yo fini mal. Pou yo menm, se vant yo ki bondye yo. Sa ki pi rèd, wont yo se fyète yo. Y ap panse ak bagay latè.


Moun k ap anseye move bagay sa yo, yo se ipokrit, yo bay manti. Konsyans yo fin seche nèt.


Mwen kite w nan Krèt pou ou fin ranje sa k dwe mete nan lòd. Mwen vle w mete yon gwoup moun ki gen matirite pou dirije legliz ki nan chak vil, dapre jan m te di w, mwen menm:


Men fo doktè sa yo, yo di move pawòl sou bagay yo pa konnen. Yo sanble ak zannimo ki pa gen bon konprann, ki pran nan pyèj yo pare pou touye yo. Y ap peri nan pye travay yo.


Fo doktè yo kite bon chemen an, yo pèdi. Yo pran menm wout ak Balaam, pitit Bozò a. Li te renmen fè yo peye l pou l fè sa ki mal.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite