Si pye w fè ou peche, koupe l. Li pi bon pou gen lavi ki p ap janm fini an ak yon men oswa yon pye pase pou w ta genyen de men w ak de pye w epi pou w al boule nan dife lanfè etènèl.
Si se je w k ap lakoz ou tonbe nan peche, rache l. Li pi bon pou ou pou w ta antre nan wayòm Bondye a ak yon sèl je pase pou ou ta gen de je w epi w al nan lanfè,
Lè sa a, li rele byen fò, li di: Papa Abraram, gen pitye pou mwen. Tanpri, voye Laza vin tranpe pwent dwèt li nan yon ti dlo pou l mete sou lang mwen, paske se pa ti soufri m ap soufri nan flanm dife sa a!