Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 9:42 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

42 “Se va byen grav pou yon moun ki ta fè youn nan timoun sa yo ki mete konfyans nan mwen peche. Li ta pi bon pou li si yo ta mare yon moulen nan kou l epi voye l jete nan lanmè.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

42 — Imajine yon moun ki ta fè yonn nan timoun sa yo ki kwè nan mwen an tonbe nan peche! Franchman, prefere yo ta mare yon pwasenkant nan kou li epi lage li nan fon lanmè.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

42 “Nenpòt moun ki fè youn nan pitit sa yo ki kwè vin chape tonbe, li t ap pi bon pou li si yo te mete yon gwo wòch moulen nan kou li, e jete l nan lanmè.

Gade chapit la Kopi




Mak 9:42
19 Referans Kwoze  

Men pou evite tout tèt chaje, desann bò lak la pou al peche. Gade nan bouch premye pwason ou pran an, w ap jwenn dekwa pou peye ni pou ou ni pou mwen.


Fè atansyon! Pa meprize timoun yo. Anj gadyen yo ki nan syèl la toujou nan prezans Papa m ki nan syèl la.


Men nenpòt moun ki lakoz youn nan timoun sa yo ki kwè nan mwen tonbe nan peche, li t ap pi bon pou li pou yo ta mare yon mèl moulen nan kou l epi lage l nan fon lanmè.


Menm kote a, Sòl tonbe atè, epi li tande yon vwa ki di l: “Sòl, Sòl, poukisa ou ap pèsekite m konsa?”


Se pou nou tout sispann kritike youn lòt. Men sa pou n fè pito: Pa mete anyen devan frè nou ou byen devan sè nou pou fè pye l glise oubyen pou pouse l fè sa ki mal.


Men, selon sa Bib la di, “Moun yo pa t anonse sa ap wè, epi moun ki pa t tande pale de li ap konprann.”


M ap ankouraje nou, frè m ak sè m yo, fè atansyon ak moun k ap pwovoke divizyon epi k ap fè moun tonbe nan peche, sa pa mache ak ansèyman nou te resevwa deja. Retire kò nou kote moun sa yo.


Nou fè sa nou kapab pou nou pa fè sa k pa sa devan okenn moun, paske nou vle fè yon travay san repwòch.


pou n ka fè diferans ant sa ki enpòtan ak sa ki pa enpòtan. Epi se lè sa a, n ap san tach epi san repwòch nan jou Senyè a va retounen an.


Poutèt sa, mwen vle pou jèn vèv yo marye, fè pitit, epi pou yo pran swen kay yo. Si yo fè sa konsa, lènmi nou yo p ap jwenn anyen mal pou yo di sou nou.


Anpil moun pral swiv yo nan fè sa k pa bon. Epi yo menm ak lòt moun pral pase chemen verite a nan betiz.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite