Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 9:22 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

22 Anpil fwa lespri a voye l jete nan dife osinon nan dlo pou l touye l. Men si ou kapab fè yon bagay, tanpri gen pitye pou nou, ede nou.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 Anpil fwa menm, move lespri a jete l nan dife, osinon nan dlo pou touye li. Men, si ou kapab fè kichòy, tanpri, ede nou. Gen pitye pou nou!

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Souvan li konn voye li ni nan dlo, ni nan dife pou l detwi l. Men si Ou kapab fè yon bagay, gen pitye pou nou, e ede nou!”

Gade chapit la Kopi




Mak 9:22
12 Referans Kwoze  

Lè sa a, Jezi lonje men l, li pran Pyè epi li di l: “Lafwa w piti! Sa ou te bezwen doute fè?”


Li di Jezi: “Senyè, gen pitye pou pitit gason m lan! Li gen maladi tonbe. Sa fè l soufri anpil. Gen de fwa se nan dife l tonbe, gen lòt fwa se nan dlo.


Jezi santi kè l fè l mal pou yo. Li touche je yo, epi nan menm moman an, je mesye yo te vin wè. Yo te leve, yo swiv Jezi.


Yon nonm ki t ap soufri ak maladi lèp te pwoche kote Jezi. Li lage kò l nan pye Jezi epi l di: “Mèt, si ou vle ou ka geri m!”


Jezi antre andan yon kay, avèg yo antre dèyè l. Jezi mande yo: “Èske nou kwè m ka fè nou wè ankò?” Yo reponn li: “Wi, Senyè.”


Men Jezi pa t kite l fè sa, Jezi di li: “Retounen lakay moun pa w yo, di yo tout sa Bondye fè pou ou, di yo kijan Bondye gen mizerikòd pou ou.”


Jezi mande papa jèn gason an: “Depi konbyen tan li konsa?” Papa a reponn li: “Li kon sa depi li te tou piti.


Jezi di papa a: “Poukisa ou di si ou kapab? Tout bagay posib pou moun ki kwè.”


Lè Senyè a wè madanm nan, li te gen konpasyon pou li epi li di li: “Pa kriye.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite