Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 7:27 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

27 Jezi di madanm nan: “Avan tout bagay, fòk ti moun yo manje anvan, li pa bon pou pran manje ti moun yo voye bay chyen.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

27 Men Jezi di li konsa: — Kite vant timoun yo fin plen anvan non. Paske li pa bon pou wete manje nan bouch timoun pou bay ti chen.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

27 Jésus te di li: “Kite zanfan yo satisfè avan, paske li pa bon pou pran pen timoun yo pou jete l bay chen.”

Gade chapit la Kopi




Mak 7:27
8 Referans Kwoze  

Anvan Jezi voye yo douz apot yo pati pou misyon an, men lòd Jezi te bay: “Evite tout zòn payen yo. Pa antre nan vil Samariten.


Pa voye bagay sakre devan chyen. Y ap vole sou ou epi dechire w. Pa voye bijou ki gen valè devan kochon. Sèl sa l konn pou l fè avè l se pilonnen l nan labou.


Madanm nan pa t Jwif, li se moun Fenisi nan peyi Siri. Li mande Jezi chase demon an sou piti l la.


Men fi a reponn, li di: “Senyè, men chyen yo ki anba tab la konn manje ti moso manje ti moun yo kite tonbe atè.”


Lè sa a, Senyè a di m: Ale non! M ap voye w byen lwen al preche moun ki pa Jwif yo.”


M di nou Kris te vini kòm sèvitè pou Jwif yo pou montre kijan Bondye fidèl. Li fè sa, pou l te ka akonpli pwomès Bondye te fè zansèt Jwif yo.


Sonje byen. Nan tan pase, nou t ap viv san Kris. Nou te tankou etranje ki pa t gen menm dwa ak sitwayen nan pèp Izrayèl la epi tou nou pa t moun ki te gen anyen pou wè ak alyans Bondye te fè ak pèp Izrayèl la, dapre pwomès li te fè yo. Nou pa t gen okenn espwa epi nou pa t konnen Bondye non plis.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite