Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 7:24 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

24 Jezi kite zòn nan epi li ale nan yon lòt zòn yo rele Ti. Li antre nan yon kay, li pa t vle moun nan zòn sa a konnen li te la. Men li pa t ka ret kache.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

24 Jezi kite kote li te ye a, l'ale nan zòn ki nan vwazinay lavil Tir la. L antre nan yon kay, li pat vle pèsonn konnen li te la. Men, li pat kapab rete kache.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 Jésus te leve e te pati pou rejyon Tyr la. Lè Li te antre nan yon kay, Li pa t vle pèsòn konnen sa, men Li pa t kab evite atire atansyon.

Gade chapit la Kopi




Mak 7:24
19 Referans Kwoze  

Jezi di: “Malè pou nou Jwif nan lavil Korazen, malè pou nou Jwif nan lavil Bètsayida. Si m te fè menm mirak sa yo nan mitan Tir ak Sidon ki se vil payen, bagay la t ap diferan. Yo t ap kwè se Bondye Papa a ki voye m, epi yo t ap chanje lavi yo. Tann dat moun sa yo t ap gentan sispann fè peche. Yo t ap tèlman regrèt peche yo, yo t ap mete rad sak sou yo. Yo t ap chita nan sann pou montre toutbon vre yo vle chanje.


Jezi antre andan yon kay, avèg yo antre dèyè l. Jezi mande yo: “Èske nou kwè m ka fè nou wè ankò?” Yo reponn li: “Wi, Senyè.”


Kèk jou apre sa, Jezi retounen lavil Kapènawòm, epi pèp la te tande li lakay li.


Tout move bagay sa yo se anndan yo sòti, epi se yo ki sal moun.”


Se konsa, yon madanm ki te gen pitit fi l ki te gen yon move lespri sou li te tande Jezi nan zòn nan, l al kot Jezi epi li tonbe nan pye Jezi.


Jezi kite zòn Ti epi li pase Sidon. Sou wout pou l ale Galile, li pase sou teritwa dis vil yo.


Bon bagay yon moun fè, tout moun wè yo trapde. Menm sa moun pa wè touswit yo, yo pa ka toujou rete kache.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite