Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 6:56 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

56 Kèlkeswa kote Jezi ale, nan vilaj, nan vil, andeyò, pèp la mete moun malad yo sou tout plas piblik, epi yo te priye Jezi pou l ba yo pèmisyon pou yo touche ke manto li pou yo ka geri. Konsa tout moun ki te touche ke manto Jezi a te jwenn gerizon.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

56 Toupatou kote Jezi te rive, kit nan bouk, kit nan lavil ou andeyò, yo te mete malad yo sou plas piblik, yo te mande Jezi pou l te kite yo manyen bò rad li ase. Tout moun ki te manyen rad li te geri.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

56 Nenpòt kote Li te antre nan bouk ak gran vil oswa andeyò, yo t ap vin depoze moun malad nan mache yo pou sipliye L pou yo ta kapab sèlman touche rebò vètman Li, akoz tout moun ki te touche l t ap vin geri.

Gade chapit la Kopi




Mak 6:56
15 Referans Kwoze  

Yo te priye Jezi pou l ba yo pèmisyon pou yo touche ke manto li pou yo ka geri. Konsa tout moun ki te touche ke manto Jezi a te jwenn gerizon.


Pami moun ki te la yo, te gen yon dam ki te gen douzan ak yon emoraji. Li pase pa dèyè epi li touche ke rad Jezi,


Kòm Jezi t ap fè anpil gerizon, tout moun ki te malad t ap pouse youn lòt pou yo ta kapab touche l.


Yo kouri gaye nouvèl la nan tout kay kote moun yo rete nan zòn nan. Tout kote Jezi ale, moun yo chaye malad yo kouche sou nat pote ba li.


Men, Jezi reponn, li di: “Sispann! Pa fè bagay konsa.” Epi, Jezi manyen zòrèy domestik la, li geri li.


Tout moun t ap chache mwayen pou yo manyen Jezi, paske te gen yon puisans ki t ap soti nan li. Jezi te geri yo tout.


Li bat li pase pa dèyè, li touche ke rad Jezi epi lamenm emoraji a koupe.


Pa gen delivrans nan pyès lòt moun, eksepte nan Jezi sèlman. Paske Bondye pa bay non okenn lòt moun sou latè ki kapab delivre moun. Se Jezi sèl ki ka delivre nou.”


Gade se nou menm jodi a k ap poze nou kesyon sou byen nou fè pou nonm ki te estwopye a. Nou bezwen konnen kijan li fè geri?


Pèp la te vin tonbe nan bwote moun malad vin mete kouche bò lari a, sou kabann oswa sou nat, yon fason pou lè Pyè vin ap pase, menm lonbray Pyè ta pase sou kèk nan yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite