Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 6:23 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

23 Li pwomèt demwazèl la: “M ap ba ou nenpòt sa ou vle, menmsi se ta mwatye nan wayòm mwen an.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

23 Ewòd sèmante ba li, li di l konsa: — Tou sa ou mande, m'ap ba ou li, te mèt mwatye nan peyi m'ap gouvènen an.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Li te sèmante a li menm: “Nenpòt sa ou vle, m ap bay ou li, jiska mwatye wayòm mwen an”.

Gade chapit la Kopi




Mak 6:23
10 Referans Kwoze  

Wa a di Estè: “Kisa m ka fè pou ou rèn Estè? Di mwen kisa ou vle! M ap ba ou nenpòt sa ou mande, menm si se mwatye nan wayòm nan.”


Pandan yo t ap bwè diven, wa a di Estè konsa: “Di mwen sa ou vle. M ap ba w nenpòt sa ou mande, menm si se mwatye nan wayòm nan, l ap pou ou.”


Pandan yo t ap bwè diven nan dezyèm jou fèt la, wa te mande Estè yon fwa ankò: “Kounye rèn Estè, kisa ou vle menm? Sèlman di m epi m ap ba ou l, menm si se mwatye nan wayòm nan.”


Konsa Ewòd fè sèman l ap bay ti madmwazèl la kèlkeswa sa l ta mande.


Li di Jezi: “Si ou met ajenou nan pye m, epi ou adore m, tout bagay sa yo pou ou.”


Demwazèl la al kote manman l, li mande l: “Ki sa pou m mande wa Ewòd pou l ban mwen?” Manman li reponn: “Mande tèt Janbatis.” Manman li reponn: “Mande tèt Janbatis.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite