Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 5:30 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

30 Nan menm moman an, Jezi santi yon puisans ki sòti nan li. Li vire gade foul la epi li di: “Ki moun ki manyen rad mwen an?”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

30 Latou, Jezi santi te gen yon fòs ki sòti nan li. Li vire nan mitan foul moun yo, li di konsa: — Ki moun ki manyen rad mwen an, en?

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

30 Nan menm moman an, Jésus te santi nan Li menm ke pouvwa a te kite L. Li te vire kote foul la e te di: “Kilès ki te touche vètman Mwen an?”

Gade chapit la Kopi




Mak 5:30
5 Referans Kwoze  

Disip yo di li: “Ou wè tout foul moun sa ap pouse epi ou ap mande ki moun ki manyen rad mwen?”


Yon jou, pandan Jezi t ap anseye pèp la, kèk Farizyen ansanm ak direktè Lalwa ki te la ap koute. Yo te soti nan tout bouk yo nan Galile, nan Jide, ak nan Jerizalèm. Senyè a te bay Jezi puisans pou l geri malad.


Tout moun t ap chache mwayen pou yo manyen Jezi, paske te gen yon puisans ki t ap soti nan li. Jezi te geri yo tout.


Men Jezi reponn: “Wi m di w gen yon moun ki touche m. Paske mwen santi yon puisans soti sou mwen.”


Men nou menm nou se pèp Bondye chwazi a, yon wayòm ki fèt ak prèt sèlman, yon nasyon ki apa, yon pèp sen pou Bondye. Bondye fè tou sa pou n ka fè louwanj pou li. Se li ki retire nou nan fènwa pou l mennen nou nan bèl limyè li a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite