Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 5:17 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

17 Alò moun nan zòn te kòmanse mande Jezi pou li kite zòn nan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

17 Lè sa a, yo mande Jezi: — Tanpri souple, kite peyi a.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 E yo te kòmanse sipliye L pou L kite landwa sa a.

Gade chapit la Kopi




Mak 5:17
10 Referans Kwoze  

Tout vil la debake pou y al kontre Jezi. Lè yo jwenn li, yo mande l tanpri souple pou l kite zòn nan.


“Jezi moun Nazarèt, Ey, kisa ki genyen ant nou menm avèk ou, Jezi, moun Nazarèt la? Èske ou vin pou detwi nou? Mwen konnen ki lès ou ye, moun ki apa pou Bondye a!”


Jezi te kòmanse ap di: “Espri enpi, soti nan nonm sa a.” Lè sa a, li kriye byen fò epi li di: “Ki pwoblèm ou gen avè m, Jezi, Pitit Bondye ki pi wo nan syèl la? Tanpri souple, pwomèt mwen, o non de Dye, ou p ap toumante m!”


Lè Simon Pyè wè sa, li lage kò l nan pye Jezi, epi li di li: “Pa rete kote mwen, Senyè. Mwen se yon pechè.”


Apre sa, tout moun yo ki t ap viv nan tout rejyon alantou peyi Jerazenyen yo te mande Jezi pou l pati kite zòn nan, paske yo te vin pè anpil. Jezi tou monte nan yon kannòt li retounen Galile.


Yo vin prezante eskiz yo bay Pòl ak Silas. Yo lage yo epi yo mande yo pou yo kite vil la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite