Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 4:24 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

24 Alò Jezi di yo: “Chache konprann byen sa ou tande a. Jan ou trete lòt moun se kon sa Bondye ap trete w tou. Epi y ap mete pi plis pou ou.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

24 Li di yo toujou: — Fè atansyon sa n'ap tande la a. Mezi nou sèvi pou mezire lòt moun, se li menm Bondye va pran pou mezire nou tou, ak tout degi l sou li.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 E Li t ap di yo: “Fè atansyon a sa nou koute. Menm jan ke nou mezire bay, li va mezire remèt a nou menm; e menm plis, y ap bannou ki tande.

Gade chapit la Kopi




Mak 4:24
16 Referans Kwoze  

Sa ou sèvi pou jije lòt moun se avè l Bondye ap sèvi pou jije w. Jan ou trete lòt moun se kon sa Bondye ap trete w tou.


Apre sa, yon nwaj klere vin kouvri yo, epi yon vwa pale nan nyaj la, li di: “Sa a se pitit mwen, pitit mwen chwazi a, tande l lè l pale!”


Fè atansyon sou jan n ap tande pawòl la. Paske, moun ki gen bon konprann, y ap ba li plis bon konprann. Men, nenpòt moun ki pa gen bon konprann, menm sa l te sanble genyen an y ap retire l nan men l.”


Mwen genyen lòt mouton ki pa nan pak sa a. Mouton sa yo, fòk mwen mennen yo vini. Y a tande vwa m, lè sa a y ap vini. Konsa, yo tout ap fè yon sèl twoupo ak yon sèl bèje.


Mouton m yo ap koute vwa m, mwen konnen yo epi yo swiv mwen.


Sa m ap di nou la a, se vre, nou ta dwe kwè sa. Epi kite m di nou yon lòt bagay, gen yon jou enpòtan k ap vini. Jou sa a gentan la. Moun ki mouri va tande vwa Pitit Bondye a. Epi moun ki tande se yo ki va gen lavi.


Moun Bere yo te gen pi bon dispozisyon pase moun Tesalonik yo. Yo te byen kontan tande mesaj Pòl te anonse yo a. Yo te pran tan pou etidye Bib la chak jou, pou yo te ka verifye si mesaj yo te tande a se te verite a toutbon vre.


Sonje: moun ki simen tikras ap rekòlte tikras; moun ki simen anpil ap rekòlte anpil.


Se poutèt sa, nou dwe fè plis atansyon toujou ak ansèyman nou te resevwa a. Wi, nou dwe fè atansyon pou nou pa vire do kite wout dwat la detanzantan.


Se pou nou toujou vle bwè bon lèt espirityèl, san melanj tankou ti bebe ki fenk fèt. Lè sa a, n ap grandi epi n ap sove.


Zanmi m yo, genyen anpil fo pwofèt nan mond lan kounye a. Poutèt sa, pa fè tout kalite espri konfyans, men egzamine yo pou nou wè si yo soti nan Bondye.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite