Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 3:29 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

29 Men kanta pou moun ki pale Sentespri a mal, peche sa a p ap jan jwenn padon.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

29 Men, moun ki va pale mal sou Sentespri a, moun sa a p'ap janm jwenn padon, paske lè sa a l'ap fè yon peche k'ap rete pou tout tan.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

29 men nenpòt moun ki blasfeme kont Lespri Sen an p ap janm gen padon, men yo va rete koupab de yon peche etènèl.”

Gade chapit la Kopi




Mak 3:29
9 Referans Kwoze  

Apre sa, moun ki te renmen fè mal yo pral resevwa yon pinisyon etènèl. Moun ki jis yo pral resevwa lavi etènèl.”


Kèk pwofesè lalwa te tande sa Jezi te di. Yo t ap di nan kè yo: “Sa a se yon blasfèm!”


Epoutan, se dechèpiye y ap dechèpiye vèv yo. Yo pran kay vèv yo. Apre sa y ap blofe moun avèk yon ekip priyè byen long. Men tou, Bondye ap jije yo pi rèd pase lòt moun.”


Jezi te di sa paske doktè Lalwa yo te akize l, lè yo di se yon move zespri ki te nan li.


Nenpòt moun ki pale mal kont Pitit Lòm nan, li ka jwenn padon; men, yon moun ki pale mal kont Sentespri a, li p ap jwenn padon.


Yo vire do bay Senyè a ak tout gwo pouvwa li genyen. Bondye ap fè w jistis; yo va gen pou peye sa. Pinisyon yo se va lanmò etènèl.


Y ap repann vye aksyon sal yo yon fason tout moun ap gade, menm jan lanm lanmè k ap jete vye fatra sou plaj yo. Yo se menm jan ak zetwal ki pa konnen ki kote pou yo ale. Bondye rezève pou yo yon plas nan kote ki pi fenwa a.


Sonje tou sa k te rive Sodòm ak Gomò ansanm ak lòt vil ki te toutotou yo. Sete menm jan ak move zanj yo. Yo te fè peche seksyèl, yo te menm rive fè sèks ak kreyati ki pa moun. Poutèt sa, yo te kondane pou lanfè etènèl la. Sa se te pou trase yon egzanp pou tout moun.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite