Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 15:21 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

21 Sou wout la, yo jwenn yon nonm yo rele Simon, moun peyi Sirèn, ki t ap soti nan jaden. Li te papa Aleksann ak Rifis. Sòlda yo fòse Simon pote kwa Jezi a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 Te gen yon nonm yo rele Simon, moun peyi Sirèn, papa Aleksann ak Rifis. Antan Simon sa a t'ap sòti nan jaden, li pase bò la, epi sòlda yo fòse mesye pote kwa Jezi a.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Yo te pran yon mesye pa lafòs ki t ap sòti andeyò pou fè l fè kòve; Simon de Cyrène, (papa a Alexandre ak Rufus), pou pote kwa Li a.

Gade chapit la Kopi




Mak 15:21
12 Referans Kwoze  

Pandan yo sou wout pou y al krisifye Jezi a, yo kontre ak Simon, moun Sirèn. Yo fòse l pote kwa Jezi a.


Si yon sòlda vle fòse w fè yon kilomèt pou ede l pote chay li, fè de avè l.


Apre yo pase l nan betiz kont yo, yo retire rad mov la sou li, epi yo mete rad pa l sou li. Apre sa, yo pati avè l pou yo al krisifye l.


Nenpòt moun ki refize pote pwòp kwa li yo ba l pote a epi pou l swiv mwen, li pa kapab disip mwen.


Pandan sòlda yo t ap mennen Jezi ale, yo kontre ak yon nonm yo rele Simon, moun peyi Sirèn, ki t ap sot nan jaden. Yo fòse Simon pote kwa a. Yo fè l swiv Jezi ak kwa a sou do li.


Jezi pote pwòp kwa li, li fè wout pou yon kote yo rele zo tèt, Gòlgota, nan lang ebre.


Kèk nan kwayan sa yo ki te moun Chip ak Sirèn te ale Antyòch. Lè yo rive la, yo preche moun ki pa Jwif yo Bòn nouvèl Jezikris la.


Nan legliz Antyòch la, te gen kèk pwofèt ansanm ak moun ki t ap anseye fidèl yo. Moun sa yo se te Banabas, Simeyon (yo te rele l mesye ki nwa a), Liziyis, moun lavil Sirèn nan, Manayèn (ki te leve ansanm ak wa Ewòd), ak Sòl.


Gen moun ki soti Friji ak Panfili, gen moun peyi Lejip ansanm ak sa ki soti nan tout rejyon Libi ki toupre lavil Sirèn nan, gen moun ki soti lavil Wòm tou.


Malgre sa, te gen yon gwoup moun ki leve kont li. Se yon gwoup moun ki soti nan sinagòg yo te rele sinagòg ansyen esklav yo. Ladan yo, te gen Jwif ki soti lavil Sirèn, sa k soti Aleksandri, sa k soti nan peyi Silisa ak lòt ki soti nan Lazi. Yo tout te tonbe fè diskisyon ak Etyèn.


Salitasyon pou Rifi tou, se youn nan moun Senyè a chwazi yo, pou manman l tou, li te yon manman pou mwen.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite