Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 15:19 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

19 Yo kontinye bat li nan tèt ak yon baton, yo t ap krache sou li epi mete ajenou devan l tankou se adore yo t ap adore l.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

19 Yo ba l kou nan tèt avèk yon baton wozo. Yo krache sou li, yo mete ajenou, yo bese tèt yo devan li.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Yo te kontinye bat tèt Li avèk yon wozo, yo te krache sou Li. Yo te mete yo ajenou, epi yo te bese devan Li.

Gade chapit la Kopi




Mak 15:19
32 Referans Kwoze  

Yo krache sou li. Yo pran baton ki te nan men l lan yo frape l nan tèt.


yo pral pase l nan betiz, epi yo pral krache sou li. Yo pral bat li avèk fwèt, epi y ap touye l. Men sou twa jou apre l mouri, l ap resisite.”


Kèk moun kòmanse krache sou li. Yo kouvri figi l epi yo di l: “Pwofetize non, di nou ki moun ki te frape w?” Apre sa, gad tanp lan yo te ba l anpil kalòt.


Epi yo kòmanse rele byen fò: “Viv, wa Jwif yo.”


Apre yo pase l nan betiz kont yo, yo retire rad mov la sou li, epi yo mete rad pa l sou li. Apre sa, yo pati avè l pou yo al krisifye l.


Jezi reponn yo: “Wi, Eli dwe vini anvan pou li mete tout bagay nan plas yo! Men poukisa Bib la di Piti lòm nan gen pou l soufri anpil, epi pèp la gen pou rejte li?


Mesye ki t ap siveye Jezi yo menm t ap pase l nan betiz epi yo t ap bat li tou.


Ewòd ansanm ak sòlda l yo pran kont plezi yo sou do Jezi. Yo pase l nan rizib kont yo. Apre sa, yo mete yon bèl rad sou li epi yo voye l tounen bay Pilat.


Menm sòlda yo tou te antre nan pase Jezi nan betiz. Yo pwoche bò kote l, yo ofri l vinèg pou l bwè.


Men, ki repons Bondye te bay Eli? Men sa Bondye te di l: “M gen 7,000 moun de rezèv ki pa janm met ajenou devan zidòl ki rele Baal la.”


Se poutèt sa, yon jou, tout moun va mete ajenou devan l lè yo va tande tit Jezi genyen nan syèl la, sou tè a ak anba tè a.


Alò, an nou soti al jwenn Jezi deyò kan an. An nou pote menm chay lawont li te pote a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite