Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 15:14 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

14 Men Pilate di yo: “Men Poukisa? Ki krim li fè?” Men foul la pran krye pi fò toujou: “Kloure l sou yon kwa!”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 Pilat di yo: — Men, ki move zak li fè konsa? Yo rele pi fò toujou: — Kloure l sou yon kwa!

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Men Pilate t ap di yo: “Poukisa? Ki mal Li fè?” Men yo te rele pi fò: “Krisifye Li!”

Gade chapit la Kopi




Mak 15:14
24 Referans Kwoze  

Pandan Pilat chita nan plas espesyal li konn fè jijman an, madanm li voye di l: “Pa foure kò w twò fon nan zafè sa a, paske nonm lan inosan. Yè swa mwen fè yon move rèv sou li, epi depi lè a m boulvèse anpil.”


Li di: “Mwen peche paske mwen te livre yon nonm inosan bay lènmi l yo pou yo touye l.” Yo reponn li: “Ki mele nou? Sa a se biznis pa w!”


Ofisye a ak sòlda yo ki te la pou veye kò Jezi a te vin pè anpil, lè yo wè tranbleman tè a ak tout lòt evènman yo. Yo di: “Vrèman vre, nonm sa a se te Pitit Bondye.”


Yo pran rele byen fò: “Kloure l sou yon kwa!”


Nan sousi pou fè foul la plezi, Pilat lage Barabas. Epi li livre Jezi bay sòlda pou y al krisifye l, apre l te fin fè yo bat li byen bat.


Foul la menm pran kriye byen fò: “Kloure l sou yon kwa! Kloure l sou yon kwa!”


Apre sa, Pilat di chèf prèt yo ansanm ak foul la: “Mwen pa jwenn okenn fot nan nonm sa a.”


Pou nou menm, se nòmal. Paske nou resevwa sa nou merite pou krim nou te fè. Men li menm, li pa fè anyen ki mal.”


Lè kaptenn lame a wè sa k te rive a, li bay Bondye louwanj epi li di: “Se sèten, nonm sa a te inosan vre!”


Pilat di l konsa: “Ki sa verite a ye?” Apre sa, li soti deyò ankò al jwenn Jwif yo, li di yo: “Pou mwen menm, mwen pa jwenn okenn bagay li fè ki mal.


Kou chèf alatèt prèt yo ak tout gadyen tanp lan yo te wè Jezi, yo tout te pran rele: Krisifye l! Krisifye l! Pilat di yo: Pran l nou menm epi krisifye l. Pou mwen menm mwen pa jwenn anyen pou m kondane l.


Malgre yo pa t ka jwenn anyen ki pou ta fè Jezi merite lanmò, yo mande Pilat touye l kanmenm.


Men, lè yo reyalize Aleksann se Jwif tou, yo tout tonbe fè bri; pandan dezèdtan, yo t ap rele byen fò: “Atemis moun Efèz yo se yon gran deyès.”


Donk, Jezi se kalite prèt nou bezwen an. Li sen epi li inosan. Li pa gen okenn peche nan li. Moun pa ka enfliyanse l pou fè l tonbe nan peche. Bondye leve l nan yon nivo ki pi wo pase syèl la.


Men, se ak san Jezikris Bondye te rachte nou. Li menm ki te sakrifye tèt li tankou yon Ti Mouton san tach epi san defo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite