Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 14:5 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Paske nou ta ka vann pafen sa a pou plis pase 300 denye, epi nou ta bay pòv lajan an.” Epi yo t ap blame fanm nan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Yo ta kapab vann li twasan (300) goud pou pi ba pri, epi yo ta bay pòv lajan an. Yo t'ap kritike fanm lan byen fò.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Paske pafen sila a ta kapab vann pou plis ke twa san denye (fòs kòb yon jou travay) e li ta kab bay a malere yo.” E yo t ap kritike l.

Gade chapit la Kopi




Mak 14:5
17 Referans Kwoze  

Menm sèvitè sa a, lè l rive deyò a, li jwenn yon kamarad ki te dwe l yon ti kraze monnen. Li mete men anba kou l, epi li di l: Peye m lajan m!


Yo pran kòb la, men yo t al plenyen bay mèt jaden an.


Pafen sa a t ap vann yon bon ti kòb ki te ka ede anpil moun pòv.”


Kèk moun ki te la te fache anpil epi yo t ap di youn lòt, “Poukisa gaspiyaj sa a?


Men Jezi di yo: “Kite fanm nan a trankil. Poukisa n ap fatige l konsa? Se yon bon bagay li fè pou mwen.


Farizyen yo ansanm ak Skrib yo menm t ap plenyen kont sa, yo t ap di: “Nonm sa a resevwa moun k ap viv nan peche yo epi li manje ak yo.”


Kòm Jida te responsab kès la, kèk moun te panse Jezi te di li, al achte sa w gen pou achte pou fèt la, oubyen bay pòv yo kichòy.


Men Jezi te di yo: “Sispann kritike m!”


Filip reponn Li: “200 denye pen pa ta sifi pou chak moun ta jwenn ti moso!”


Pa chita ap bougonnen menm jan kèk pami yo te fè. Sa te lakòz anj lanmò a te touye yo.


Moun ki gen abitid vòlè dwe sispann vòlè. Okontrè, se pou l travay di ak men l, pou l ka gen resous pou l pataje ak lòt moun ki nan bezwen.


Fè tou sa nou gen pou nou fè san nou pa ni plenyen ni babye.


Moun sa yo pa janm satisfè. Yo toujou ap plenyen. Y ap mache selon move dezi yo genyen yo. Y ap fè yon bann diskou plen ak ògèy. Lè yo felisite moun, se enterè ki pouse yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite