Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 14:41 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

41 Li retounen yon twazièm fwa epi li di yo: “N ap dòmi toujou? N ap repoze? Se twòp atò. Lè a rive, yo pral livre Piti lòm nan bay mechan yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

41 Lè l tounen twazyèm fwa a, li di yo: — N'ap dòmi toujou? N'ap poze kò nou toujou? Sa ase kounyeya. Lè a rive. Men yo pral lage Moun Bondye voye nan lachè a nan men mechan yo.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

41 Li te vini yon twazyèm fwa e te di yo: “ Dòmi toujou e pran repo nou. Sa sifi. Lè a fin rive. Gade, Fis a Lòm nan ap trayi pou rive nan men pechè yo.

Gade chapit la Kopi




Mak 14:41
23 Referans Kwoze  

“Sonje, fèt Pak la se apre demen! Yo pral livre Pitit Lòm nan bay lènmi l yo ki pral krisifye l sou yon kwa.”


Jida Iskaryòt, youn nan douz disip yo, al kot chèf prèt yo pou li trayi Jezi.


Pandan y ap manje konsa, Jezi di: “An verite m ap di nou, gen youn nan nou ki pral trayi m, sila a k ap manje ak mwen an.”


Jezi avanse pi devan, li lage kò l atè epi li priye. Li mande Bondye si li ta posib pou li pa ta pase nan moman soufrans sa a.


Lè l tounen bò kote yo ankò, li jwenn yo ap dòmi, paske je yo pa t ka rete ouvè. Disip yo pa t konnen kisa pou yo te di li.


Leve! Ann ale! Men moun k ap livre m nan rive.”


Epi Jezi di yo: “E nou menm, poukisa nou dezobeyi pawòl Bondye pou nou swiv koutim ki fè nou plezi yo?


Li te vle anseye disip li yo sèlman. Li te di yo: “Yo gen pou yo trayi Pitit Lòm nan. Yo gen pou yo livre l anba pouvwa lèzòm. Yo gen pou yo touye l, men sou twazyèm jou a li gen pou l resisite.”


Men, Jezi reponn yo konsa: “Moman an rive pou Pitit Lòm nan resevwa glwa li.


Kounye a, m santi lespri m twouble. Ki sa m ta di? Papa, delivre m non anba tan soufrans sa a. Men, se pou sa menm mwen te vini.


Apre Jezi te fin di bagay sa yo, li leve je l nan syèl la epi li di: “Papa, lè a rive, fè lwanj pou Pitit ou a, pou Pitit ou a kapab fè lwanj pou ou,


Lè Jezi di sa, moun yo t ap eseye arete li. Men pa t gen yon moun ki te kapab mete men sou Li. Paske jou li pa t ko rive.


Jezi te di pawòl sa yo pandan l t ap anseye nan tanp lan, nan plas kote yo mete ofrann yo ranmase nan tanp lan. Men pèsonn pa t arete li paske jou l pa t ko rive.


Ki lès nan pwofèt yo zansèt nou yo pa t pèsekite? Yo touye tout pwofèt ki te anonse davans kijan Moun ki Jis la t ap vini. Kounye a, nou menm nou leve talon kont pitit Bondye a menm epi nou touye l.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite