Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 13:26 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

26 Lè sa a, tout moun gen pou wè Pitit Lòm nan sou tèt nyaj yo k ap desann sou latè avèk anpil pouvwa ak gwo onè.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

26 Lè sa a, y'a wè m, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, ap vini sou tèt nyaj yo, avèk anpil pouvwa nan mitan yon bann bèl bagay.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

26 “Nan lè sa a yo va wè Fis a Lòm nan k ap vini nan nyaj yo avèk gwo pouvwa avèk glwa.

Gade chapit la Kopi




Mak 13:26
15 Referans Kwoze  

Jezi di Pyè: “Simon, pitit Jonas, ou se yon nonm beni. Sa w di la a, yon lòm pa ta ka fè w konnen l. Se sèl Papa m ki nan syèl la ki te ka fè konnen sa.


Pitit Lòm nan gen pou l retounen ak tout pouvwa Papa a, ansanm ak anj yo. Lè sa a, l ap bay chak moun sa yo merite, selon sa yo te fè.


Nou mèt kwè m lè m di nou: kèk nan nou ki la jodi a va wè Pitit Lòm nan lè l ap vini kòm chèf nan wayòm li a.”


Lè sa a, ap gen yon siy ki parèt nan syèl la ki montre Pitit Lòm nan ap vini. Tout pèp sou latè pral pete gwo rèl. Tout moun gen pou wè Pitit Lòm nan sou tèt nyaj yo k ap desann sou latè avèk anpil pouvwa ak gwo onè.


Lè Pitit Lòm nan vini ak tout otorite l ansanm ak tout anj li yo, l ap chita sou yon twòn ki montre tout glwa li.


Jezi reponn li: “Oui, se sa menm. Nou gen pou n wè Pitit Lòm nan sou tèt nyaj yo k ap desann sou latè avèk anpil pouvwa ak gwo onè.”


Nenpòt moun ki wont di li ak mwen, nan tan pèvès, plen ak peche sa a, ki wont pale pawòl mwen, mwen menm tou m ap wont li lè m retounen ak tout bèl laglwa mwen, ak bèl laglwa papa m ansanm ak anj li yo.


Apre sa Jezi di: “Nou mèt kwè m lè m di nou kèk nan nou ki la jodi a ap wè wayòm Bondye a vini ak puisans anvan nou mouri.”


Apre sa, tout moun gen pou wè Pitit Lòm nan sou tèt nyaj yo k ap desann sou latè avèk anpil pouvwa ak gwo onè.


Epi yo di yo: “Nou menm moun Galile yo, poukisa n ap founi je gade nan syèl la konsa? Jezi sa a nou wè ki kite nou li monte nan syèl la, li gen pou l retounen menm jan nou wè l monte a.”


Gen yon sinyal k ap bay, y ap tande vwa youn nan chèf anj yo, twonpèt Bondye ap sonnen, epi Senyè a li menm ap desann sòti nan syèl la epi sa yo ki te mouri nan Kris ap leve pami mò yo.


Paske, lè n ap pale sou pouvwa Jezikris genyen epi lè n di l ap retounen, nou pa rakonte istwa ki pa verite a, bagay moun envante ak pwòp entèlijans yo non! Se wè nou wè grandè li menm ak de grenn je nou.


Gade, men l ap vini avèk nyaj yo! Tout je moun ap wè l, menm moun yo ki te pèse kò l yo. Tout moun sou latè ap kriye anpil epi y ap pote dèy poutèt li menm. Wi, sa pral rive! Amèn!


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite