Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 12:36 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

36 Paske David li menm, anba enspirasyon Sentespri, te di: Senyè a di, Senyè m nan: Chita sou bò dwat mwen, jouktan m fè lènmi w yo tonbe anba pouvwa w.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

36 Poutan, men sa David te di (se Sentespri menm ki te fè l di l): Bondye te di Senyè mwen an: Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen fè lènmi ou yo tounen yon ti ban pou lonje pye ou.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

36 Menm David te di nan Lespri Sen an: ‘Senyè a te di a Senyè Mwen an, chita sou men dwat Mwen, jouk lè ke M mete tout lènmi Ou yo anba pye Ou.’

Gade chapit la Kopi




Mak 12:36
16 Referans Kwoze  

Pa sèvi ak tè a pou fè sèman, paske latè se tapi pye Bondye. Pa sèvi ak lavil Jerizalèm pou fè sèman paske se lavil gran Wa a.


Frè ak sè m yo, li te nesesè pou pawòl ki te ekri nan Liv la rive vre. Mwen vle pale de pawòl Sentespri a te anonse davans nan bouch wa David konsènan Jida. Li te di se Jida li t apral mennen moun ki te vin arete Jezi yo.


Lè a te rive pou yo pati, men yo pa t dakò youn ak lòt. Pòl te sèlman di mesye yo: “Sa Sentespri a te di sou zansèt nou yo pa mwayen pwofèt Ezayi a se verite a:


Kris dwe renye jouktan li mete tout lènmi l yo anba pye l.


Se Lespri Bondye ki fè ekri tout sa ki nan Bib la. Li bon pou anseye, pou montre moun sa ki pa bon nan lavi yo. Epi li bon tou pou korije fot, pou anseye kijan pou moun viv yon jan ki dwat.


Bondye pa janm di okenn nan zanj yo: “Chita adwat mwen, nan plas donè a jouktan m va fè lènmi w yo tonbe anba pouvwa w.”


Konsa, Bondye planifye yon lòt jou espesyal. Li rele jou sa a “jodi a”. Li te pale sou jou sa a pa mwayen David byen lontan apre l fin planifye l. Nou site pawòl sa a deja: “Si ou tande vwa Bondye jodi a, pa fè tèt di.”


Yo te travay di pou yo te ka konnen nan ki epòk ak nan ki sikonstans bagay Lespri Kris la t ap di yo a te gen pou rive. Paske Lespri ki te nan yo a te anonse soufrans Kris la te gen pou l sibi davans ak kalite glwa li t apral genyen apre sa.


Paske, pa gen okenn pwofesi ki soti nan sa yon pwofèt te anvi di. Men se Sentespri Bondye ki pouse moun bay mesaj ki soti nan Bondye.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite