Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 12:17 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

17 Lè sa a, Jezi reponn yo: “Bay seza sa k pou Seza, bay Bondye sa k pou Bondye.” Jezi pa t manke fè yo sezi ak repons sa a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

17 Lè sa a, li di yo: — Bay Seza sa ki pou Seza, bay Bondye sa ki pou Bondye. Pawòl sa a te fè yo pi sezi ankò.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Konsa, Jésus te di yo: “Bay César bagay sila a ki pou César yo, e a Bondye bagay ki pou Bondye yo.” E yo te etone de Li menm.

Gade chapit la Kopi




Mak 12:17
22 Referans Kwoze  

Yo reponn li: “Foto Seza ak non Seza.” Epi li di yo: “Bay Seza sa k pou Seza, bay Bondye sa k pou Bondye!”


Apre yo fin tande repons sa a, yo te tèlman sezi, yo kite Jezi repo. Y ale fè wout yo.


Foul moun yo te etone anpil lè yo tande jan Jezi t ap anseye.


Tout moun te rete bouch be! Depi lè a tou tout moun te kraponnen, pèsonn pa t brav ase pou poze Jezi kesyon ankò.


Lè Jezi tande pawòl sa yo, li te admire lafwa ofisye a. Li di moun ki t ap swiv li yo: “Menm nan peyi Izrayèl mwen pa jwenn yon moun ki gen tout lafwa sa a.”


Yo pote youn ba li epi li di yo: “Foto ak non ki moun ki sou li? Yo reponn li: Seza.”


Renmen Senyè a, Bondye ou a ak tout kè w, ak tout nanm ou, ak tout panse w, epi ak tout fòs ou.


Apre sa, Jezi di yo: “Enben, bay seza sa k pou Seza, epi bay Bondye sa k pou Bondye.”


Frè ak sè m yo, poutèt Bondye montre nou jan li renmen nou anpil konsa, men sa m ap mande nou: An n ofri tout sa nou ye bay Bondye, tankou yon sakrifis vivan ki sen, epi ki fè l plezi. Lè n gade sa li fè pou nou, se kon sa vrèman vre nou ta dwe adore l.


Bay chak moun sa w dwe l. Nenpòt kalite taks ou dwe peye, peye l; si se obeyisans ou dwe, se pou w obeyi; si se respè, ou dwe aji ak respè; si ou dwe onore yon moun, onore l.


Nou pa dwe livre okenn pati nan kò nou bay peche pou l sèvi kòm yon enstriman pou fè sa ki mal. Okontrè, an n bay Bondye tèt nou tankou moun ki te mouri, epi k ap viv kounye a. An n ofri tout pati nan kò nou bay Bondye pou yo sèvi nan fè sa ki byen.


Respekte tout moun. Renmen frè ak sè nou nan Kris la. Gen krentif pou Bondye, onore wa a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite