Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 11:32 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

32 Men tou, si nou reponn se bò kote lèzòm batèm Jan an soti, lè sa a pèp la pral lage nan kò nou.” (Lidè Juif yo te pè pèp la paske pèp la te kwè Jan te yon pwofèt.)

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

32 Epi si nou reponn se moun ki voye li...! Yo te pè reyaksyon pèp la. Paske tout moun yo te pran Janbatis pou yon pwofèt tout bon

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

32 Men si nou di de lòm?” Konsa, yo te pè foul la, paske tout moun te konsidere ke Jean te vrèman yon pwofèt.

Gade chapit la Kopi




Mak 11:32
15 Referans Kwoze  

Men, kisa nou t al wè menm? Yon pwofèt? Wi. M ap di nou sa: Li plis pase yon pwofèt.


Ewòd te santi fòk li ta touye Janbatis! Men, li te pè reyaksyon pèp la, paske yo te toujou kwè Jan se yon pwofèt.


Konsa yo t ap chache wè kijan pou yo mete men sou li. Men yo te pè reyaksyon foul la ki te rekonèt Jezi kon yon pwofèt.


Lè sa a, youn t ap di lòt: “Si nou reponn, batèm jan an soti nan Bondye, l ap mande nou, poukisa nou pa t kwè nan mesaj li a,


Lè sa a yo reponn Jezi: “Nou pa konnen.” Jezi di yo: “Mwen non plis, m p ap di nou ak ki otorite m ap fè bagay sa yo.”


Lè lidè Jwif yo tande sa, yo te vle jwenn yon fason pou arete Jezi, men yo te krenn pèp la. Yo te byen konnen se pou yo Jezi te bay parabòl sa a. Konsa, yo kite l, y al fè wout yo.


Ewòd te pè pou l touye Jan. Li te konnen Jan se yon nonm ki jis epi ki sen, kon sa Ewòd te pwoteje Jan. Li te renmen tande Jan, menm si sa Jan t ap di yo te fè l poze tèt li plis kesyon toujou.


Lè chèf prèt yo ansanm ak Skrib tande Jezi rakonte istwa a, yo te konprann trè byen se de yo Jezi t ap pale. Konsa, yo t ap chache arete li menm kote a, men yo te pè reyaksyon pèp la.


Chèf prèt yo ansanm ak Skrib yo te vle touye Jezi. Yo pa t sispann chache yon okazyon pou fè san sekrè, paske yo te pè reyaksyon foul la.


Anpil moun te al jwenn li. Yo di: “Se vre, Janbatis pa fè mirak, men tout sa l di sou nonm sa a se verite a.”


Kòmandan lagad la ansanm ak mesye l yo soti al chache apot yo, yo pa t fè vyolans sou yo, paske yo te pè pou pèp la pa t kalonnen yo ak kout wòch.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite