Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 11:25 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

25 Lè nou ap priye, si nou gen yon bagay nan kè nou kont yon moun, padone l, kon sa Papa nou ki nan syèl la ap padone peche nou yo.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

25 Lè nou kanpe pou n lapriyè, si nou gen yon moun nan kè nou, padonnen l, pou Papa nou ki nan syèl la ka padonnen peche nou yo tou. [

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

25 “Nenpòt lè ke n ap kanpe pou fè lapriyè, si nou gen yon bagay kont yon moun, padone l, pou Papa nou osi, ki nan syèl la kapab padone nou pou ofans pa nou yo.

Gade chapit la Kopi




Mak 11:25
13 Referans Kwoze  

Konsa, si ou gen yon ofrann pou ou bay, epi lè ou rive devan lotèl, ou sonje ou gen yon moun ki gen pwoblèm avè w,


Padone peche nou yo menm jan nou menm nou padone moun ki fè nou mal.


Lè ou ap priye pa fè tankou ipokrit yo. Yo renmen kanpe nan sinagòg ak nan kafou pou priye byen fò, paske yo bezwen lòt moun wè y ap priye. Anverite m ap di nou: yo jwenn rekonpans yo deja.


Farizyen an kanpe apa, a yon distans de pèseptè kontribisyon an. Li t ap lapriyè konsa: Bondye, mèsi dèske mwen pa move moun tankou lòt moun yo. Mèsi dèske mwen pa ni vòlò, ni mechan, ni adiltè. Mèsi dèske mwen pi bon pase pèseptè kontribisyon sa a.


Pèseptè kontribisyon an te kanpe apa tou a yon distans. Men, lè l ap lapriyè, li pa menm vle leve tèt li gade syèl la. Li t ap bat lestomak li, li t ap di: O Bondye, gen pitye pou mwen. Mwen fè anpil peche!


Pa jije moun si ou pa vle Bondye jije w tou. Pa kondane moun, kon sa Bondye p ap kondane w non plis. Padone moun, kon sa Bondye a padone w tou.


Okontrè se pou nou bon youn anvè lòt, pou nou gen konpasyon youn pou lòt. Se pou nou padone youn lòt, menm jan Bondye padone nou nan Kris.


Nou pa dwe mete nou an kòlè youn kont lòt, men se pou youn padone lòt. Si nou santi yon moun fè nou yon bagay ki mal, se pou n padone l. An n padone lòt yo, paske Senyè a te padone nou menm jan an tou.


Paske lè jou jijman an va rive, p ap gen pitye pou moun ki pa gen pitye pou lòt moun yo. Men moun ki jwenn mezerikòd Bondye, li pa pè jou jijman an.


De temwen sa yo, se de pye olivye yo. Yo se de lanp yo tou, ki kanpe devan Senyè a k ap domine sou tout latè.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite