Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 11:23 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

23 An verite m ap di nou: “Si yon moun di mòn sa a, retire kò w la, al jete tèt ou nan lanmè, si l pa gen dout nan kè l, men si l kwè sa l di a, sa gen pou rive toutbon vre.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

23 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si yon moun di mòn sa a: Wete kò ou la, al jete ou nan lanmè, si l pa gen doutans nan kè l menm, si l gen fèm konviksyon sa l di a gen pou rive, l'a wè l rive vre.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Anverite, Mwen di nou, nenpòt moun ki di a mòn sa a: ‘Retire ou la e ale jete ou nan lanmè, san doute nan kè l, men kwè ke sa li di a va rive, sa va rive.

Gade chapit la Kopi




Mak 11:23
11 Referans Kwoze  

Lè Jezi te tande nouvèl la, li monte nan yon bato epi li travèse ale nan yon kote ki pa gen moun. Men moun yo ki te tande sa, yon foul moun ki sòti nan tout vilaj yo kouri ale kote yo t ap ale a.


Jezi reponn yo: “Se paske lafwa nou piti anpil! M ap di nou franchman si lafwa nou te gwosè yon ti grenn moutad, nou ta mèt di mòn sa a: retire kò w la, epi li t ap deplase san pwoblèm; anyen pa t ap parèt enposib devan nou.”


Jezi di yo: “An verite m ap di nou, si nou gen lafwa, epi san n pa doute, non sèlman n ap ka fè menm bagay mwen fè ak pye fig la, n ap menm ka di mòn sa a: Retire kò w la; al jete tèt ou nan lanmè! Sa gen pou rive toutbon vre.


Jezi di: “Si lafwa nou te menm gwosè ak yon ti grenn moutad, nou ta di pye Sikomò sa a: Derasinen tèt ou la! Al plante tèt ou nan lanmè. Li ta obeyi nou.”


epi tout sa nou va mande nan non m, m ap fè l, pou Papa a kapab glorifye nan Pitit la.


Si nou rete atache nan mwen, epi nou pratike ansèyman mwen yo, nou mèt mande sa nou vle, nou va jwenn li.


Menm si mwen ta gen don pwofesi, menm si mwen ta menm rive konprann tout ti sekrè nan plan Bondye, menm si mwen ta gen yon konesans ki pa gen limit, menm si mwen ta gen yon lafwa ki ka deplase montay, si mwen pa aji ak amou nan kè m pou lòt moun, mwen pa vo anyen.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite