Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jonas 1:9 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Jonas reponn yo: “Mwen se Jwif. Mwen gen krentif pou SENYÈ a ki nan syèl la, ki fè lanmè a ak tè a.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Jonas reponn yo: — Mwen se ebre. Mwen gen krentif pou Senyè a, Bondye ki fè syèl la, lanmè a ak tè a.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Li te di yo: “Mwen se yon Ebre, e mwen gen lakrent pou SENYÈ Bondye syèl la, ki te fè lanmè a ak tè sèch la.”

Gade chapit la Kopi




Jonas 1:9
29 Referans Kwoze  

Mezanmi, sa n ap fè konsa? Se moun nou ye menm jan avèk nou. Nou sèlman vin isit la pou n anonse nou Bòn Nouvèl la. Nou vin di nou pou n vire do nou kite tout zidòl sa yo ki pa vo anyen. Tounen vin jwenn vrè Bondye vivan an pito, li menm ki kreye syèl la, tè a, lanmè a ak tout sa ki ladan yo.


Yèswa, Bondye m ap sèvi a, Bondye pa m nan, li voye yon anj li pale avè m.


Se sou 8 jou, apre m fin fèt, mwen te sikonsi. Mwen soti nan ras Izrayèl. Mwen soti nan tribi Benjamen. Mwen se yon bon Jwif, ata paran m se Jwif. Kanta pou Lalwa menm, mwen se yon Farizyen.


Nan menm lè sa a, te gen yon gwo trannmantè vyolan. Yon dizyèm pati nan vil la kraze epi 7,000 moun te mouri nan trannmantè a. Moun ki pa t mouri te nan lapèrèz, yo t ap fè lwanj pou Bondye ki nan syèl la.


Tout moun dwe gen krentif pou ou, o Senyè. Tout pèp va fè lwanj pou non ou. Se ou sèl ki sen. Tout pèp va vin devan w, koube pou adore w, paske jijman ou fè yo dwat.”


Yo t ap joure Bondye ki nan syèl la, poutèt soufrans yo ak maleng yo, men yo refize chanje kè yo pou yo ta vire do bay move zak y ap komèt yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite