Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jid 1:21 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

21 Rete nan lanmou Bondye. Mete konfyans ou nan Senyè Jezikris. Nan mizerikòd li, l ap ban w lavi etènèl.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 Rete fèm nan renmen nou gen pou Bondye a, pandan n'ap tann Senyè nou, Jezikri, k'ap vin ban nou lavi ki p'ap fini an paske li gen pitye pou nou.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Kenbe nou menm nan lamou Bondye, epi toujou tan swayezman pou mizerikòd a Senyè nou an, Jésus Kri anvè lavi etènèl.

Gade chapit la Kopi




Jid 1:21
31 Referans Kwoze  

Paske Bondye te ba nou Lalwa pa mwayen Moyiz, men lanmou ak verite a vini pa mwayen Jezikris.


Moun ki genyen kòmandman m yo epi ki fè sa m mande, se moun sa a ki renmen m. Moun ki renmen m, Papa m ap renmen l. Mwen menm m ap renmen l tou, epi m ap fè l konnen ki moun mwen ye.”


Lè Banabas rive Antyòch, li te wè kijan Bondye t ap beni kwayan yo. Sa te fè l kontan anpil. Li ankouraje yo tout pou yo kenbe fèm epi sèvi Senyè a ak tout kè yo.


Peche sèvi ak lanmò pou l renye sou nou. Men kounye a, gras Bondye gen pouvwa sou peche ak lanmò poutèt jistis Bondye. Epi se sa ki ban nou lavi etènèl pa mwayen Jezikris, Senyè nou an.


Epi espwa sa a p ap janm twonpe nou. Nou konnen sa, paske Bondye ranpli kè nou ak renmen pa mwayen Sentespri li ban nou an.


Lè yon moun peche, peche peye l yon salè, se lanmò. Men Bondye bay moun pa li yo yon kado, se lavi etènèl nan Jezikris, Senyè nou an.


Nou priye pou Senyè a pran direksyon kè w. Lè sa a, ou va renmen Bondye epi ou ap vin gen pasyans menm jan ak Kris.


M ap ekri w lèt sa a, Timote, pitit mwen nan lafwa, ki tankou yon pitit ki soti nan zantray mwen. Se pou Bondye Papa a, ansanm ak Jezikris, Senyè nou an, beni w ak anpil gras, mizerikòd epi lapè.


M ap priye pou Bondye gen mezerikòd pou fanmi Onezifò. Plizyè fwa Onezifò te ankouraje m. Li pa t wont poutèt mwen te nan prizon an.


M ap priye Senyè Jezi pou Onezifò kapab jwen mezerikòd Bondye nan jou sa a. Ou konnen ki valè ede frè sa te ede m nan Efèz.


Mwen vle salye w, Timote, pitit byeneme m nan. Gras, mizerikòd ak lapè Bondye Papa a, ansanm ak Jezi, Senyè nou an avè w!


Kounye a, mwen ranpòte laviktwa. Kouwòn rekonpans kous la ki montre mwen se yon moun ki dwat devan Bondye a, l ap tann mwen. Wi, Senyè a, ki rann jistis san patipri, l ap ban mwen l, lè jou a va rive. Se pa mwen menm sèlman, men tout moun ki t ap tann jou Senyè a va retounen, avèk lanmou nan kè yo pou li, l ap bay yo l tou.


Menm jan an tou Kris ofri tèt li kòm sakrifis yon fwa pou tout, pou li kapab efase peche anpil moun. Li gen pou l parèt yon dezyèm fwa, men se pa pou l vin ofri tèt li pou peche, men pou l pote delivrans bay moun ki ap tann li kòm yon sakrifis.


Nou dwe ap tann jou Senyè a rive epi swete li vini prese prese. Lè jou sa a va rive, dife ap detwi syèl la epi tout sa ki nan syèl la ap fonn.


Nou menm, nou konnen lanmou Bondye gen pou nou, epi nou kwè nan lanmou sa a. Bondye se lanmou. Si yon moun ap viv nan lanmou, l ap viv nan Bondye epi Bondye ap viv nan li.


Nou konnen nenpòt moun ki pitit Bondye pa chita ap fè peche. Paske Pitit Bondye a ap veye sou li. Satan pa gen dwa touche l.


Konsa, pitit mwen yo, se pou nou rete lwen zidòl yo.


Mwen menm se Jid, sèvitè Jezikris la, epi frè Jak la. M ap ekri pou tout moun Bondye rele yo. Li renmen yo epi l ap gade yo pa mwayen Jezikris.


Ede moun ki gen dout nan kè yo.


Bondye ki gen tout pouvwa a, k ap prezève nou pou n pa tonbe, epi k ap fè nou prezan devan li nan glwa li, san repwòch epi nan lajwa,


Yo ranpòte laviktwa sou li gras ak pouvwa san sakrifis Ti Mouton an ansanm ak mesaj Bondye a yo t ap pote bay moun yo. Yo pa t renmen pwòp tèt yo twòp pou ta fè yo pè lanmò.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite