Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jid 1:16 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

16 Moun sa yo pa janm satisfè. Yo toujou ap plenyen. Y ap mache selon move dezi yo genyen yo. Y ap fè yon bann diskou plen ak ògèy. Lè yo felisite moun, se enterè ki pouse yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 Moun sa yo toujou ap bougonnen, y'ap plede plenyen sou sitirasyon yo. Se enterè yo ase y'ap chache. Depi yo louvri bouch yo, se vante y'ap vante tèt yo. Y'ap flate tout moun pou yo tire avantaj sou yo.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Sa yo se moun k ap plenyen fò nan gòj, k ap toujou twouve fòt, epi k ap swiv pwòp lanvi lachè pa yo. Yo pale avèk awogans, flatè moun, pou yo kapab gen yon avantaj.

Gade chapit la Kopi




Jid 1:16
38 Referans Kwoze  

Farizyen yo ansanm ak Skrib yo menm t ap plenyen kont sa, yo t ap di: “Nonm sa a resevwa moun k ap viv nan peche yo epi li manje ak yo.”


Tout moun ki te wè sa te tonbe babye. Yo di: “Gade ak ki kalite moun li pran pa. Li fè ladesant lakay yon moun k ap viv nan peche.”


Farizyen yo ansanm ak direktè lalwa yo t ap plenyen bay disip Jezi yo, yo t ap di: “Pouki sa n ap manje bwè ansanm ak pèseptè kontribisyon yo, ak moun k ap viv nan peche yo?”


Kèk Jwif t ap kritike Jezi paske li te di: “Pen ki soti nan syèl la, se mwen menm.”


Jezi te gentan konnen disip li yo t ap plenyen pou sa. Konsa li di yo: “Èske ansèyman sa a se yon pwoblèm pou nou?


Pa chita ap bougonnen menm jan kèk pami yo te fè. Sa te lakòz anj lanmò a te touye yo.


M ap di nou pito: Kite Sentespri a kontwole lavi nou. Si nou fè sa, nou p ap fè move bagay dezi kò a fè moun fè.


Moun ki moun pa Jezikris, yo krisifye tout vye dezi kò a. Yo abandone tout vye dezi ansanm ak tout bagay moun toujou vle fè yo.


Fè tou sa nou gen pou nou fè san nou pa ni plenyen ni babye.


Pa kite se pasyon lachè ki kontwole lavi nou menm jan ak moun sa yo ki pa konnen Bondye.


Sa lakoz moun ki gen lespri sal epi ki pa konprann verite a, y ap fè yon bann diskisyon san fen. Yo panse lè yon moun pretann sèvi Bondye se yon fason pou yo vin rich.


Paske, gen yon jou k ap vini, moun yo p ap vle tande yon ansèyman ki dwat. Men yo pral swiv moun k ap anseye bagay ki fè yo plezi. Yo pral fè apèl ak moun k ap di sa yo ta renmen tande.


Obeyi Bondye. Piga nou swiv move dezi nou te gen lontan yo, lè nou pa t gen bon konprann nan.


Zanmi mwen, nou tankou vizitè ak pasaje nan lemonn. Konsa, mwen mande nou kouri kite move bagay nou ta vle fè yo, vye bagay sa yo k ap konbat ak moun nou ye vrèman an.


Se sa ki pral fè, depi kounye a, nan rès tan ki rete pou n viv la, pa swiv move dezi lèzòm sou latè men viv pou n swiv volonte Bondye pito.


Pinisyon sa a se pou moun ki toujou ap swiv move dezi feblès lèzòm nan lachè yo, pou moun ki rayi otorite Bondye. Yo fè sa yo vle, epi yo gen fyète pou pwòp tèt yo. Yo pa pè anyen, yo pa menm pè di move pawòl kont kreyati ki gen anpil glwa.


Y ap fè gwo diskou plen ak yon bann gwo mo ki pa menm gen sans. Se kon sa y al jwenn moun ki te fenk fin vire do bay lavi peche yo t ap mennen epi yo fè yo retounen nan peche ankò. Pou yo rive fè sa, yo sèvi ak move bagay moun renmen fè nan feblès lachè yo, bagay ki fè moun wont.


Li enpòtan pou n konnen kijan sa pral pase nan dènye tan an. Se nan rizib moun pral pase nou, poutèt ansèyman nou te resevwa a. Yo pral kontinye viv nan move bagay sal yo vle fè yo.


L ap jije yo tout. L ap kondane tout mechan yo pou tout move zak yo te komèt kont li yo. L ap kondane sa k ap peche ak ògèy yo, pou jan yo te ensilte l la ak tout vye pawòl yo.”


Yo te di: “Nan dènye tan yo, pral gen moun k ap pase Bondye nan betiz epi y ap viv jan yo vle nan swiv move tandans kè yo.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite