Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 7:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Si ou vle anpil moun konnen ou, ou pa dwe ap kache sa ou fè. Si ou kapab fè bagay ekstraòdinè sa yo, kite tout moun wè yo.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Yon moun ki vle pou tout moun konnen l pa dwe travay an kachèt. Avèk travay w'ap fè a, se pou ou kite tout moun wè ou.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Paske pèsòn pa fè anyen nan sekrè lè li vle rekonèt an piblik. Si Ou fè bagay sa yo, Ou bezwen montre Ou menm a tout monn lan.”

Gade chapit la Kopi




Jan 7:4
12 Referans Kwoze  

Tout sa y ap fè se pou moun ka wè yo. Pa egzanp, pou yo montre moun jan yo espirityèl, yo fè ti bwat vèsè yo abitye pote sou bra oubyen nan fwon pi gwo pase pa lòt moun. Yo mete franj nan manto yo pi long pase pa lòt moun.


Li di Jezi: “Si ou se pitit Bondye toutbon vre, lage kò w anba, paske Bib la di: L ap bay anj li yo lòd pou yo veye sou ou. Epi y ap pote w nan men yo, pou pye w pa frape nan wòch.”


Lè nou ap fè jèn, pa fè figi nou long tankou ipokrit. Yo fè figi yo tris pou tout moun ka wè y ap jene. Anverite m ap di nou: yo jwenn rekonpans yo deja.


Lè ou ap priye pa fè tankou ipokrit yo. Yo renmen kanpe nan sinagòg ak nan kafou pou priye byen fò, paske yo bezwen lòt moun wè y ap priye. Anverite m ap di nou: yo jwenn rekonpans yo deja.


Bon moun gen bon bagay sere nan kè yo. Se sa k fè yo di bon bagay. Men moun ki mechan, se mechanste ki ranpli kè yo. Se sa k fè se move bagay yo di. Sa yon moun di ak bouch li se nan kè l li soti.


Jezi reponn: “Mwen te pale an piblik ak lemonn, mwen toujou anseye nan Sinagòg yo epi nan tanp lan kote tout Jwif yo konn rasanble, mwen pa di anyen ankachèt.


Se poutèt sa frè l yo te di l: “Ou ta sipoze pati ale Jide nan fèt la. Konsa, tout disip ou yo ta wè mirak ou ap fè yo.


Frè Jezi yo te pale kon sa paske menm yo menm yo pa t kwè nan li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite