Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 5:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Anpil moun malad te kouche anba galeri yo, bò kote pisin nan. Kèk nan yo te avèg, kèk lòt te bwate, lòt ankò te paralize.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Devan pòt yo, te gen anpil moun ki te gen tout kalite maladi kouche la: gen sa ki te avèg, gen sa ki t'ap bwete, gen sa ki te paralize. [Yo tout yo t'ap tann lè dlo a pran bouyi.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Nan sa yo te kouche sa yo ki te malad, avèg, oswa paralize ki t ap tann mouvman dlo a.

Gade chapit la Kopi




Jan 5:3
12 Referans Kwoze  

Yon gwo foul moun te reyini. Nan mitan foul la, te gen moun ki bwate, moun ki avèg, moun ki enfim, moun ki bèbè, ak tout lòt kalite maladi. Yo te depoze yo nan pye Jezi. Li te geri tout, san manke youn.


Tout peyi Siri te tande pale de Jezi. Konsa, moun yo te mennen bay Jezi tout moun ki t ap soufri ak tout kalite maladi. Genyen se demon ki te sou yo, gen lòt ki te soufri ak malkadi, te gen kèk ki paralize. Jezi te geri tout.


Jezi reponn mesye yo, li di yo: “Al di Jan sa nou wè ak sa nou tande. Avèg yo wè. Kokobe yo mache. Moun ki gen lèp jwenn gerizon. Moun soud yo tande. Moun mouri resisite. Pòv yo tande mesaj Bòn Nouvèl la.


Jerizalèm te genyen yon pisin toupre Pòtay Mouton yo. Li te gen senk galeri. Yo te rele pisin sa a Bètesda, nan lang ebre.


Men, nou gen espwa nou sou yon bagay nou pako wè. N ap tann li ak pasyans.


Frè m ak sè m yo, se pou n gen pasyans, an n tann Senyè a vini. Ann fè menm jan ak kiltivatè a. Li tann bèl rekòt latè avèk pasyans, depi soti nan premye grenn lapli rive nan dènye grenn lapli.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite