Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 4:6 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Se la pi Jakòb te fè fouye a te ye. Jezi te fatige poutèt wout long sa a li sot fè a, li fè yon ti chita bò kote pi a. Li te bò midi konsa.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Se la pi Jakòb la te ye. Jezi menm te bouke, vwayaj la te fatige l anpil. Li chita sou rebò pi a. Li te bò midi konsa.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Pwi a Jacob la te la. Jésus, akoz Li te byen fatige pa vwayaj la, te chita akote pwi a. Se te anviwon sizyèm lè.

Gade chapit la Kopi




Jan 4:6
12 Referans Kwoze  

Sòti midi pou rive twazè, li te fè nwa nan tout peyi a.


Apre Jezi te fin pase karant jou ak karant nuit, san l pa goute anyen, li te byen grangou.


Pandan yo sou lak la, yon gwo van vin leve epi vag yo te prèske anglouti bato a. Men Jezi li menm t ap dòmi.


Mari akouche premye pitit gason li. Li vlope l byen vlope epi li mete l kouche nan yon kote yo konn bay bèt manje. Li te mete pitit la kouche la paske pa t gen plas ankò nan otèl la.


Jezi reponn li: “Rena yo gen tou yo, zwazo yo gen nich yo, men mwen menm, Pitit Lòm nan, mwen pa gen yon kote pou m repoze tèt mwen.”


Jezi reponn: “Èske se pa douzè yon jounen genyen? Si yon moun ap mache pandan jounen an li p ap bite, paske l ap wè limyè mond lan.


Èske ou pi gran pase Jakòb, gran paran nou? Se li ki te fouye pi sa a pou nou. Li te bwè ladan l, pitit li yo ansanm ak bèt li yo te bwè ladan l.”


Li rive nan yon vil nan teritwa Samari yo rele Sika ki te toupre pòsyon tè Jakòb te bay Jozèf, pitit gason l lan.


Yon fanm samaritèn te vin chache dlo nan pi a, epi Jezi di l konsa: “Ban m ti gout dlo.”


Nou konnen deja kijan Senyè nou an, Jezikris, te manifeste gras li. Malgre li te gen anpil richès, li te vin tounen pòv pou byen nou. Povrete li tounen yon richès pou nou.


Se pou rezon sa a, Jezi te bezwen sanble ak frè l ak sè l yo nan tout bagay. Se sa menm ki fè li ka fè sèvis pou nou devan Bondye, tankou yon granprèt fidèl epi ki gen kè nan men. Se li menm ki ofri sakrifis ki padone peche pèp la.


Nou gen yon granprèt ki konprann feblès nou yo. Li pase anba tout kalite tantasyon menm jan avèk nou lè li t ap viv sou latè, men li pa t janm peche.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite