Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 4:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Jezi te aprann Farizyen yo tande l ap fè plis disip epi l ap batize plis moun pase Janbatis.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Farizyen yo tande Jezi t'ap fè plis patizan pase Jan, li t'ap batize plis moun pase l tou.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Pou sa, lè Senyè a te konnen Farizyen yo te tande Jésus t ap batize plis disip pase Jean

Gade chapit la Kopi




Jan 4:1
15 Referans Kwoze  

Kanta pou ou menm, ti gason, y a rele w pwofèt Bondye ki pi wo nan syèl la. Ou ap gen pou pran devan Senyè a pou prepare chemen an pou li.


Si nenpòt moun ta mande nou pou kisa n ap demare ti bourik la, Reponn li konsa: Mèt la bezwen li.”


De disip yo reponn: “Mèt la bezwen li.”


Jodi a menm, Sovè nou an fèt nan lavil David la. Se li menm Senye, Mesi yo k ap delivre nou anba tout tray nou yo.


Lè Senyè a wè madanm nan, li te gen konpasyon pou li epi li di li: “Pa kriye.”


Li voye yo al poze Senyè a kesyon sa a: “Èske ou se sila a nou t ap tann ki te gen pou vini an, osinon nou dwe tann yon lòt?”


Apre sa, Jezi te ale nan rejyon Jide ak disip li yo. Li rete la avèk disip li yo epi li t ap batize moun.


Alò, yo te vin jwenn Janbatis epi yo di li: “Mèt, ou sonje nonm nan ki te avèk ou lòtbò rivyè Jouden an? Se de li ou t ap pale tout moun nan. Li menm l ap batize moun tou, epi tout moun fin al jwenn li.”


Bondye te pale ak pèp Izrayèl la. Li fè yo konnen Bòn Nouvèl la ki di lapè a vini nan Jezikris. Jezikris sa a se Senyè sou tout moun.


Kris la pa t voye m vin batize moun, ni pale bèl pawòl lèzòm, men li te voye m preche Bòn Nouvèl: Konsa, lakwa Kris la p ap pèdi puisans li!


Premye Adan an te soti nan pousyè latè. Dezyèm Adan an soti nan syèl.


Okenn otorite nan mond sa a pa t rive konnen sajès sa a. Si yo te konnen l, yo pa t ap krisifye Senyè ki gen anpil glwa a.


Nou p ap pale moun de pwòp tèt nou. Men n ap fè moun konnen Jezikris se Senyè. Nou menm nou se sèvitè Jezi.


Frè m ak sè m yo, si nou kwè nan Jezikris, Senyè nou an, nou pa dwe aji avèk patipri nan mitan moun yo.


Sou rad li ak sou janm li, te gen yon non ki ekri: wa tout wa yo ak Senyè tout SENYÈ yo


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite