Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 3:12 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Mwen pale avèk ou sou bagay latè, men ou pa kwè mwen. Alò kijan ou ka fè kwè si m ta pale w sou bagay ki nan syèl la?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Si nou pa kwè lè m'ap pale sou bagay isit sou latè, se pa bagay nan syèl nou ta ka konprann?

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 “Si Mwen di ou bagay konsènan latè a, epi ou pa konprann, kijan w ap kwè si Mwen di ou bagay konsènan syèl la.

Gade chapit la Kopi




Jan 3:12
13 Referans Kwoze  

Mwen di w sa franchman, nou pale sa nou konnen, nou temwanye sa nou wè, men nou menm pèp Izrayèl, nou pa resevwa temwanyaj nou.


Jezi reponn li: “Mwen di w verite a, si yon moun pa fèt yon lòt fwa, li p ap kapab antre nan wayòm Bondye a.”


Jezi reponn: “Mwen di w verite a, si yon moun pa fèt nan dlo ak nan Sentespri a, li p ap kapab antre nan wayòm Bondye a.


Van soufle nan direksyon l vle. Ou tande l, men ou pa konnen ni kote l soti ni kote l prale. Se menm bagay pou nenpòt moun ki fèt nan Sentespri a.”


Wi, Bondye montre nou sekrè lavi ki fè lwanj pou li yo. Se yon verite nou tout kapab aksepte: Nou te konnen Kris, lè l te vin pran fòm yon moun; Sentespri a montre tout sa Jezi di l ye, se verite a; zanj yo te wè l. Mesaj konsènan Jezi a te preche pami tout nasyon yo; Moun toupatou sou latè kwè nan li; Li monte nan syèl epi li antre nan laglwa li.


Nou gen anpil lòt koze pou nou di sou sijè sa a. Men nou gen difikilte pou nou ta di yo paske nou vin tèlman lou pou nou konprann.


Kounye a, kisa lanmou ye? Se pa nou ki te renmen Bondye an premye, men se li ki te tèlman renmen nou. Li si tèlman renmen nou, li voye Pitit li pou li netwaye peche nou yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite